Altènativ Charlemagne Péralte mande rapid vit depa Premye Minis Ariel Henry

0
1380

Nòt pour fikse pozisyon Altènativ Charlemagne Péralte sou kriz politik la

Jedi 22 septanm 2022 ((rezonodwes.com))–Zantray pèp ayisyen an ap koupe depi kèk tan. Se nan yon ma labou santi plen pikan n ap mache depi lontan.

Paske nou se BOSAL, pitit Makandal,  Charlemagne Peralte, nou rive kenbe. 4 lane anwo, nou te pran lari pou n egzije limyè sou lajan Petwokaribe gwo tanta nan Leta tankou nan prive te gaspiye.

Mouvman an poko bout ak pwosè nou tout ap tann nan, men nou fè yon gwo pa. Se gwo jefò jenn fanm ak jenn gason ki te pran lari ki t ap al pèmèt lakoudèkont founi je gade sou fason nèg ak fanm isit tankou lòt bò dlo tap jere lajan sa ki ta dwe patisipe nan devlòpman peyi a. Sa t apra l debouche ak yon rapò kote non anpil gwo zotobre ki te nan Leta ak nan prive site byen fò.

Nan menm sans kanpe goumen sa, jounen jodi a, popilasyon nan tout peyi a blije mete pye yo atè pou rele anmwey sekou devan yon gouvènman tranzisyon kriminèl. Kriminèl paske se yon ekip dwèt yo tranpe nan zak sasinay pwòp pitit yo Jovenel Moise, kriminèl paske gen yon ti ekip piti zwit sankoutcha ki te nan opozisyon an ki travèse kadav militan ki mouri nan manifèstasyon pou chanjman pou yo kapab kontinye ratibwaze finans piblik yo.

Anwo mizè malere, malerèz ki paka manje, mizè ouvriye, ouvriyèz ak yon salè minimòm tisina, anwo mizè etidyan, jenn fanm ak jenn gason san lavni, Gouvènman Ariel la deside monte pri pwodwi petwolye yo wo bibit. Nou denonse desizyon sa ak tout fòs nou.

Ensekirite,  kidnapin, kòripsyon, vyòl sou jenn fanm elatriye, se sa yo ki karakterize gouvènman 3ém vèsyon PHTK-Fusion-SDP a.

Nou denonse gwo babin nan sektè bankye ayisyen an ki deside nan konivans ak BRH anpeche ti malere jwenn dola, anplis de sa, dola a kontinye ap grenpe bwa chak jou ki jou. Tout gwo konesè nan domèn ekonomi sezi tankou moun fou lè y ap konstate fenomèn monte dola a ki pa reponn ak okenn mekanis syantifik reyèl.

Nou menm Altènatif Charlemagne Péralte, regroupman jèn aktè politik nan peyi a, presizeman nan nò, ap denonse ak kondane tout vòltijè ki enfiltre mouvman pèp la pou piye zafè ti malere, malerèz. Se pa malere, malerèz ki mete peyi a la, pa dechouke zafè yo. Se mouvman an w ap kraze. Leve je nou anwo, gade nan mòn yo, se la yon ti gwoup gwo zouzoun chita ap betize ak lavni nou. Yon boujwazi souf koupe, yon boujwazi ti malis ki pran nou tout pou Bouki. Se sou yo, wi sou yo pou n pote boure san gade dèyè.

Nap pwofite voye yon gwo kout chapo pou tout polisye, polisyè ki rete pwofesyonèl nan kad travay yo. Pandan n ap denonse ak kondane tout sila yo k ap maspinen pèp la, tire sou yo jis paske y ap defann dwa grandèt majè libète politik, sosyal ak ekonomik yo jan manman lwa peyi a mande l la.

Nou menm Altènatif Charlemagne Péralte, mande rapid vit depa Premye Minis Ariel Henry. Nou mande yon deboulonnay total kont tout gadyen sistèm nan ak tout jwisè gwo babin li yo pou nou tonbe nan yon tranzisyon koupe m sa sèk, yon tranzisyon pou chanjman tout bon vre.

Nou jete byen lwen nan fon lanmè tout inisyativ Kominote Entènasyonal la tanmen anba chal ak akolit malpouwont politisyen ak boujwa isit ki vle ranplase Ariel pa yon lòt ARIEL, sou yon lòt non ak yon lòt fòm. Nou jete nan gwo flanm dife tout politisyen rat do kale ki panse yo pral kapab itilize lit popilè jeneralize sa nan avantaj pa yo dèyè do popilasyon an. Kriz santi kri sa paka nan solisyon kosmetik bò katedral. Kriz santi kri sa se rezilta echèk  Prezidans lan ki te ban nou Ariel, se rezilta Primati, Sena ak tout lòt enstitisyon Leta yo. Yo tout echwe.

Nou menm, nou kwè solisyon kriz ki la, se nan yon konsètasyon ant ayisyen ak ayisyèn. Vwa tout lidè konsekan nan chak depatman peyi a, vwa lajenès, vwa geto yo ki se veritab motè tout soulèvman kont sistèm peze souse a. Vwa tout sitwayen konsekan, tout militan konsekan konte nan demach pou debouche sou yon tranzisyon koupe m sa sèk, yon tranzisyon pou listwa ak pou laverite ki dwe tabli baz pou n kwape sistèm neyoliberal predatè sa e ki dwe debouche ak yon eleksyon lib, onèt ak demokratik pou chita yon pouvwa  ki pwa l kabab kontinye rezoud vrè pwoblèm peyi a.

Viv 1804!

Viv Cécile Fatima!

Viv Charlemagne Péralte!

Viv Lajenès!

Viv Ayiti!

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.