Apre SDP fin met André Michel deyò, li kritike rèd rèd Ariel Henry ak sekretè jeneral nasyonzini an

0
3706

KOMINIKE

«Reyaksyon Sektè Demokratik ak Popilè a (SDP) aprè deklarasyon Sekretè Jeneral Nasyon Zini an António GUTERRES, Anbasad Peyi Etazini nan Pòtoprens fè sou batay Pèp la ak pwovokasyon Dr. Ariel HENRY an.»

Pòtoprens, dimanch 18 septanm 2022 : Sektè Demokratik ak Popilè a (SDP) ap kondane ak tout   fòs   li   deklarasyon   enjerans   arogan   rasis   Sekretè   Jeneral   Nasyon   Zini   António GUTERRES  fè  sou  batay  Pèp  ayisyen  an,  ki  tanmen  depi  3  dènye  semèn  sa  yo,  kont : ensekite,  grangou,  lamizè,  kriz  gaz  ak  movèz  gouvènans,  epi  depa  imedya  Premye  Minis defakto a Ariel HENRY ki pa gen okenn lejitimite, lalwa pa rekonèt li e ki kòmanse fè anpil krim sou Pèp ayisyen an k ap mennen yon batay demokratik san zam. 

SDP ap raple pou kominote entènasyonal la batay sa pran nesans nan nannan Pèp la, nan peyi andeyò, nan depatman yo (Sid, Grandans…), kote sa yo pa gen gang, batay sa se yon batay sitwayen.

Pèp la sèmante 7 fwa 77 fwa kou sa pap pase batay Pèp la p ap asosye ak gang se blan yo ak dirijan PHTK yo ki te plante gang nan peyi a, jodia se tout Pèp la ki nan lari kont Ariel. Nasyon Zini gen plis pase 30 lane l ap fè jwèt sa, SDP ap fè Sekretè Jeneral Nasyon Zini an sonje  ke se Madan Lalime ak PHTK  ki te ferede gang  yo nan peyi a.

SDP  konstate,  depi  kèk  lane,  Anbasad  Peyi  Etazini  nan  Pòtoprens  pran  plezi  nan  foure bouch  li  tout  longè  nan  zafè  peyi  dAyiti  san  respè  pou  lwa  peyi  a  ak  etik  kominote entènasyonal la dwe genyen pou Pèp ayisyen an, enjerans Peyi Etazini an vle fè n pase pou esklav  yo.  Douvan  lemond  antye,  SDP  ap  di  kominote  entènasyonal  la  ke  prezans  Ariel HENRY reprezante yon menas pou lavi ak byen plis pase 12 milyon ayisyen.

Yon  lòt  kote,  SDP  flanke  jete  byen  lwen  mesaj  ak  nasyon  an  ke  Ariel  HENRY  bay  la. Deklarasyon sa lage lwil sou  motè mobilizasyon an.  Diskou Ariel la pa kanpe sou anyen. Olye Ariel tande revandikasyon  Pèp la,  li prefere  kontinye ap provoke  Pèp la.  Ariel trete popilasyon k ap manifeste nan (Jakmèl, Ti Gwav, Jeremi, Okay, Okap, Gonayiv, Sen Mak, Pòtoprens, elatriye) yo de vòlè. Pèp ayisyen se yon gran Pèp, yon Pèp ki gen anpil kouraj, diyite ak fyète. SDP p ap janm dakò pou Ariel HENRY ap trete Peyizan yo, Chofè moto yo, Ti Machann yo, Profesyonèl yo, Ouvriye ak Ouvriyèz yo, Jenn fanm ak Jenn gazon ki dakò rete viv nan peyi a, Militan yo de vòlè.

Sektè Demokratik ak Popilè a ap mande popilasyon an, militan yo, kad ak dirijan   SDP yo pou yo kontinye mobilize pasifikman men aktiv e responsab  nan 10 depatman peyi a,  nan tout baz yo, nan tout katye popilè yo jiskake nou jwenn depa Ariel HENRY. Bourik chaje pa kanpe ! Pèp la p ap pèdi tan pou mete Ariel atè tankou diktatè Jean Claude DUVALIER.

Pou  fini,  Sektè  Demokratik  ak  Popilè  a  renouvle  angajman  l  pou  l  kontinye  batay  pou byennèt ak souverènte  Pèp ayisyen an.   SDP ap mande,  yon lòt fwa ankò,  ak tout fòs viv nasyon an,  moman  rive tout bon vre pou n  mete nou ansanm pou defini panorama «Ayiti Demen an». Pou n ka rive kwape enjerans,  arogans e rasis kominote entènasyonal la.

SDP se Pèp la, Pèp la se SDP! Viv yon pouvwa popilè ak Pèp la e pou sèvi Pèp la! Pou Sektè Demokratik e Popilè a (SDP):

Ekonomis Nènel CASSY Ansyen Depite Ulrick ST-CYR,
Ansyen Senatè Repiblik  dAyiti                              Jiris & Kominikatè Sosyal
Dirijan (SDP)   Pòt Pawòl (SDP)

Ansyen Konsil Daril BALTAZAR
Pòt Pawòl Sektè Demokratik e Popilè a (SDP)

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.