SOLID voye jete dènye diskou Ariel Henry sou kriz k ap bwase bil Ayiti a

0
1787

NOT REYAKSYON APRE DEZYÈM PAWOLI AK NASYON AN PREMYE MINIS LA FÈ NAN LANNWIT 18 SEKTANM 2022 AN

Madi 20 septanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Solidarite pou Demokrasi ak Devlòpman (SOLID) pa fin byen  konprann diskou Premye Minis Ariel Henry a paske li plis sanble ak parol moun Ki pap viv nan peyi a ditou. Men SOLID eseye kanmenm dekòtike kek parol nan diskou sa ki sanble kou 2 gout dlo ak bagay sa yo a :

1- Se tankou  pawòl yon etranje ki pap viv an Ayiti men k ap imajine bagay ki nan imajinasyon lòt moun ;

2- Se tankou yon responsab k ap pote yon chay li paka pote e ki pa rive sènen dimansyon sosyal, politik ak ekonomik kriz la.

Nou sezi tande Premye Minis la mete ak yon fasilite ki sanble ak prejije bagay k ap pase nan lari an sou do sa li rele zòt ki vle regle zafè yo. Sa ki pi tris la, se lè Premye Minis la di tout moun wè se nèg ak gwo zam fann fwa ki nan tèt anpil manifestasyon yo. Premye Minis ou vle di se menm bagay la Wanament ? Okap ? Gonayiv ? Senmak ? Mibalè ? Tigwav ? Fondènèg ? Okay ? Jeremi,Pòdepè, elatriye ? Dok ou konnen si ou pa byen konnen maladi a ou pap janm ka jwenn remed la?

Tout moun ki pa gen prejije sou Ayiti konnen ke popilasyon an te gentan nan lari depi 4 jou anvan nou wè nèg ak zam te pran lari. Yon pratik ki, dayè pa nouvo paske nou viv sa yo déjà.

Tout moun te wè vre  gen nèg ak zam ke lapolis ap chèche swadizan, desann nan lari an sou preteks yap kore yon pèp ki se premye viktim anba men yo. Kidnapin, vyòl, vòl asasinay. Sèlman pou mwa Dawout la plis pase 200 moun nan popilasyon an mouri anba bal Gang sila yo. Ni gouvènman an, ni zotobre nan entènasyonal la pa di anyen serye. Yo ka petet pat ni wè ni tande. Yon pèp ki an otaj nan geto yo paske yo paka soti si se pa sou lòd nèg lapolis ap cheche yo.

Bagay sa fè nou poze anpil kesyon sou kèk pawòl ki ta vle fè kwè ke gang yo se zouti nan men moun, kit se Ayisyen menm, kit se etranje, ki rayi ayisyen, ki rayi Ayiti, ki rayi ekzanp libète Ayiti reprezante, k ap itilize yo pou denigre, avili, trennen nan labou endiyite tout gwo zèv ayisyen patriyòt te reyalize. Se yon kalòt marasa pèp sa pran anko nan batay lap mennen pou chanje kondisyon lavi l. 

Pandan SOLID ap kondane san rezèv tout vyolans k ap fèt nan peyi a kelkeswa kote yo sòti, l ap kondane an menm tan, tout fòm politik matchyavelik  pwenn fè pa mò rèd, manfouben responsab yo ap aplike jounen jodi an.

Nou k a konprann nan jwèt politik yo pratike estrateji divize pou renye nan sans pou defann yon enterè kèlkonk. Men lè responsab ap itilize gang kriminèl pou diskredite yon mouvman popilè se yon bagay ki trè grav.

Nan sans sa a, n ap mande kominote entènasyonal la rete kanpe byen lwen pratik sa yo e dwe kondane yo nan nivo yo merite kondane. Sinon yo riske kreye nan tout amerik la espesyalman nan amerik Latin ak Karayib la yon move ekzanp nan estrateji pou defann enterè yo. Nan peyi Dayiti nou gen yon pwovèb ki di Chimen bouton, se chimen maleng. Ann batay kont tout move pratik ki mete vyolans an premye pozisyon kòm metòd pou gen avantaj sou advèsè oswa lenmi.

SOLID aprann nan pawòl k ap pale nan lari an ak sou rezo sosyal yo, ke Gouvènman t a bay benediksyon li ak yon pratik ansyen lame a te konn itilize ki se ESKADWON LANMÒ pou disparèt opozan politik nan mitan lannwit. Pratik sila, se te touye moun, answit  mete yo nan fatra a l jete.  

Nan yon videyo k ap sikile vire tounen sou rezo sosyal yo nou ka wè yon demwazèl k ap kriye pou manman li ki sanble ta viktim nan pratik sila alòske manman an, dapre demwazèl la se yon moun ki t ap bouske lavi pou pitit li chak swa. Sanble ekip eskadwon sila sou preteks retire barikad, ta tire sou dam nan ki tonbe e ki  pandan l ap mande sekou,   traktè ta pase pèl  ranmase fi sa pou jete l nan fatra san l pat ko mouri. Si se ta vre se yon krim  ke SOLID kondane ak tout fòs e mande rapid rapid yon ankèt nasyonal ak entènasyonal sou pratik sila ki pa gen diferans ak ajisman Nazi yo nan lane 40 yo.

Yon lòt fwa ankò, SOLID ap lanse yon apèl bay aktè politik yo, sosyete sivil la, sektè prive a pou yo antann yo prese prese sou pi bon solisyon k ap rantre tout moun ladanl pou retire Ayiti kote li ye an. Pou sa ki konsènen Premye Minis Ariel, li dwe konnen li pa sòti nan eleksyon, donk li pa gen pou ap tire kòd la twòp. Li pa gen ni manda popilè ni manda politik. Li dwe sispann ap klèwonnen dyalòg aloske l konnen se pa pwoblèm dyalòg ki genyen. Dyalòg toujou rete yon pwosesis ki pèmanan. Ou ka pase 20, 40, rive 100 lane ap dyaloge. Sa ki enpòtan se antant la.

Ayiti pa dwe peri. Sispann itilize gang pou garanti pouvwa ak enterè. Se move siyal Ayiti ap voye nan tout peyi. Se pou Zansèt yo kanpe djanm bò kote pèp la nan moman dezolasyon ak kalamite sa. Pa gen anyen Ki ka kanpe batay pèp sa komanse pou chanje tout bon vre kondisyon lavi l. Se yon batay ak konviksyon. Tout moun, oganizasyon ou byen enstitisyon Ki konprann yo ka pran woulib pou regle ti enterè yo pral echwe. Bandi ak kravat ou san kravat ap gen pou peye zak yo fè kont pitit peyi sa. Ayiti gen pou resisite kanmenm menm si yo redwi l an sann.

Viv bon jan antant pou yon demen miyò !
Jou ki Lendi 19 Sektanm 2022

Pou Direktwa SOLID
Walsonn Sanon           Doktè Evallière Beauplan          Doktè Kelly C. Bastien

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.