Oganizasyon Konbit deklare Sekretè Jeneral LONI a tante kriminalize batay pèp aysiyen an

0
1594

Kriz an Ayiti: Reyaksyon KONBIT sou entèvansyon Antonio Guterres nan France24

Lendi 19 septanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Nan yon entèvyou li bay France 24 wikenn sa a, Sekretè jeneral Nasyon Zini an, Antonio Guterres, deklare « sa ki gen an Ayiti a, se gang ki anvayi tout peyi a ». Li presize « se yon mouvman gang kèk sektè politik ak biznis enfiltre ».

Li fè konnen « plan LONI genyen, ki an diskisyon, se antrene, ekipe, ranfòse PNH la men, nan entèval la, yo vle voye yon fòs brital (force robuste, dapre pwòp mo li) ki ka twoke kòn ak gang yo ».

Sou kesyon pou konnen èske Ariel ta dwe tounen sou desizyon sispann sibvansyone gaz la, akòz gwosè latwoublay sa pwovoke, misye reponn, dapre li menm, « se fanmi yo ki merite sibvansyone, se pa gaz la ».
Sa tout moun k ap goumen tout bon vre ta dwe tire kòm konklizyon de deklarasyon sa yo ?

*Dapre mòd moun sa yo, pa gen yon pèp ayisyen k ap goumen vre, k ap soufri vre, k ap revandike vre. Se gang k ap opere. Pèp ayisyen an, kòm mas popilè, pa egziste. Pwoblèm peyi a pa yon pwoblèm mizè ak enjistis ki blayi. Se yon pwoblèm gang. 

Epi, koze sa a dwòlman dwòl: se pa gang yo ki enfiltre mouvman popilè a. Se le kontrè: se gang yo ki sibi enfiltrasyon sektè politik ak biznis.

Lòt sa nou dwe konprann, apati deklarasyon Guterres yo: Lè gang yo (swadizan) antre nan batay pèp la,  se vèni yo vin lage sou li. Sa ki pèmèt nou mande: 

Eske, finalman, se pa entènasyonal la ki gen « remote control » gang yo nan men l ? Eske se pa yo ki bay gang yo enstriksyon ki lè pou yo antre sou sèn politik la pou yo ka pèmèt Guterres ak tokay li yo, defann tèz yo a ? (Sonje yo te fè sa deja ak gang Arnel Joseph la. Epi, pa janm bliye Lalime te aplodi federasyon gang yo).
Lòt kesyon:

Eske mouvman demokratik ayisyen an fè ase, sou plan diplomatik, politik, medyatik kont travay Madan Lalime, FMI, Kò Goup, elatriye, sou teren an ak nan entènasyonal la ?

Ki lidèchip k ap devlope pou anpeche gang yo pran kontwòl mouvman popilè a ak pou anpeche mouvman revandikatif la lage nèt nan dechoukaj ?

Lòt leson nou ta dwe tire de deklarasyon Guterres yo: 

Se byen lòd entènasyonal la Ariel ap egzekite, nan tout sa l ap fè e, kounye a, espesyalman, monte pri gaz la wotè sa a. Guterres (ak lèzòt yo nan entènasyonal la) sipòte Ariel kare bare.

Konklizyon final:
Konplo lokal-entènasyonal kont pèp ayisyen an, pa piti. Bandi ak dechoukaj pap sèvi kòz pèp ayisyen an.

Fòk gen yon lidèchip nasyonal mouvman popilè a ki an mezi jere-kanalize kòlè pèp la epi kwape bandi k ap vin jete vèni sou leve kanpe popilè ki tabli nan tout peyi a.

Se yon tantativ pou kriminalize batay pèp aysiyen ap mennen kont enjerans meriken,kògwoup, kont lavichè, grangou, ogmantasyon kriminèl pri gaz la sou lòd FMI ak tout rès kominote entènasyonal mafia a, Guterres ap chache dekredibilize lit pèp la kont ensekirite, kidnapping PHTK ak kògwoup la.

Men pèp konprann jwèt la se poutet sa li rete mobize nan tout peyi a jiskaske li jwenn sa lap chache a.

Apati dimanch apremidi jouk rive denmen maten tout dwe monte piwo toujou epi kontinye okipe beton an pandan nap rete veyatif.

Viv lit pèp la, viv yon Aiyti gramoun kote byennèt blayi pou tout pitit peyi a.

KONBIT Òganizasyon politik, sendikal ak popilè yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.