Ayiti : Anbasad amerikèn nan Pòtoprens kondane  »zak vyolans, piyaj, ak zak destriksyon » ki fèt nan dènye jou sila yo nan peyi a

0
3917

Deklarasyon Anbasad peyi Etazini nan Pòtoprens sou twoub sivil dènye jou sila yo nan peyi d Ayiti

Dwa moun genyen pou yo rasanble epi manifeste se yon dwa fondamantal nan tout demokrasi.  Sepandan, peyi Etazini kondane ak tout fòs li zak vyolans, piyaj, ak zak destriksyon ki fèt nan dènye jou sila yo nan peyi d Ayiti, ak tout moun ki pwovoke evènman sila yo nan enterè pèsonèl yo.  Nou swete tout Ayisyen eksprime opinyon yo nan fason pasifik ki respekte aktè kap travay nan sektè imanitè yo ak lapolis, epi pou pèmèt Ayisyen ki nan bezwen gen aksè san difikilte pou jwenn manje, dlo ak swen medikal.

Depi mwa desanm ki sot pase a, patnè ak òganizasyon entènasyonal yo te mobilize plis pase 294 milyon dola nan nouvo angajman pou peyi d Ayiti.  Men, li nesesè pou genyen plis soutyen an ijans, tankou kontribisyon nan Fon Komen Sekirite Nasyonzini an ke peyi Kanada te kreye.

Nou kontinye ankouraje aktè ayisyen yo pou yo jwenn yon antant sou yon akò politik ak patisipasyon tout moun epi k ap pèmèt òganize eleksyon depi kondisyon yo pèmèt sa.  Ayisyen toupatou nan peyi a epi nan tout kouch sosyal dwe kreye kondisyon ki va pèmèt yon gouvènman ki eli demokratikman pran fonksyon dè ke sa posib.

Peyi Etazini rete yon patnè fidèl peyi d Ayiti, epi nou rete ak detèminasyon pou soutni pèp ayisyen an nan peryòd difisil sila a.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.