André Michel kenbe rèd ak Akò 11 septanm lan, malgre se yon echèk total kapital

0
4438

Ki kote nou ye Yon lane apre siyati akò 11 Septanm nan ?

Yon tèks Me André Michel

Dimanche 11 septanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Jodi a fè yon lane dat pou dat Depi anpil fòs Politik ak sosyal, pami yo SDP, mete ansanm ak PM Ariel Henry pou siyen yon akò Politik istorik yon mannyè pou n te anpeche peyi a tonbe nan lòbèy paske apre Asasisa defen Prezidan Jovenel Moïse pat gen okenn mekanis konstitisyonèl ak enstitisyonèl pou te chwazi moun ki dwe dirije peyi a.

Ki kote Nou ye yon lane apre ?

Yon lane apre nou pa satisfè, SDP pa satisfè, Pèp Ayisyen an pa satisfè.Pèp la Pa satisfè paske lavichè,pwoblèm gaz, ensekirite Kontinye ap taye banda nan peyi a. Yon lane apre peyi a kontinye ap pote chay bilan PHTK, Martelly ak Jovenel Moïse Kite pou Ayisyen apre 10 lane yo pase sou pouvwa a. Yon lane apre gang PHTK ak Jovenelis yo te enstale toupatou nan peyi a kontinye ap mete dlo nan je Popilasyon an nan fè kidnapping ak Asasinen pitit pèp la. Yon lane apre lamizè kontinye kwaze pye li sou biskèt Popilasyon an paske Lajan PETROCARIBE a ki te dwe sèvi pou devlopman peyi a PHTK te dechèpiye l’ san konte lajan yo pran nan kès leta tankou ONA, Ladwann, APN, OAVCT, BRH ak nan ministè yo.

Nou rekonèt gen kèk efò ki fèt men yo pa sifi tankou: Ogmantasyon salè anplaye Leta yo jiska 49%, ogmantasyon salè moun kap travay nan sektè prive a( Ouvriye, ajan sekirite, elatriye),Jefò Lapolis ak Gouvènman an ap fè pou kwape bandi ak Gang, anpil gwo chèf gang tonbe nan Tire lobe ak PNH la, anpil lòt nan kache) ,desizyon Gouvènman an pran pou desann dola a ki te gen tan depase 150 goud, desizyon Gouvènman an pran pou pèmèt 16 mil fonksyonè Leta pran retrèt yo yon fason pou fè plas pou jèn yo nan adminsitrasyon Piblik la, avantaj epesyal Gouvènman an bay Polisye ak fanmi polisye ki Viktim nan Travay lapolis, Batay kap fèt kont kontrebann ki pèmèt leta rantre plis pase 8 milya goud nan ladwann nan Mwa Out la pou premye fwa nan istwa peyi a, disiplin finansyè ki pèmèt Leta Ayisyen rekòmanse travay avèk gwo enstitisyon entènasyonal yo,konfyans Popilasyon koumanse reprann nan Lapolis,elatriye. Tout Bagay sa yo se kèk ti efò Gouvènman SDP ladan n nan fè, men yo pa sifi.

 Kisa k ki dwe fèt Jodi a ?

Sou plan sosyal ak ekonomik. Gouvènman an dwe degaje li pou gaz la disponib nan tout ponp nan peyi a. Gouvènman dwe pote sipò bay paran yo pou antre lekòl la.Fòk tout pwofesè leta touche anvan antre lekòl la.Fòk yo bay anplaye leta yo yon 14em mwa pou antre lekòl la. Fòk Lapolis Kontinye trake gang yo pou lapè tounen nan peyi a. Pri manje yo dwe bese pou pèp la rale yon souf.Fòk pwogram apezman sosyal Gouvènman an ateri nan pèp la.

Sou plan Politik. PM Ariel Henry dwe konvoke Tab dyalòg la prese prese yon fason pou n Jwenn yon antant Politik ak tout lòt aktè Politik ak sosyal pou n ka mete kanpe yon klima sekirite ak yon KEP san fòs Kote pou pèp la kapab chwazi moun ki pou vinn dirije peyi a anvan lontan.Pa dwe gen eksklizyon sou tab dyalòg la. Antann Politik sa a dwe pèmèt Nou ranfòse akò 11 Septanm nan. Nou Salye Pozisyon sektè Prive a ki konprann nesesite pou li jwe wòl li nan pwosesis Dyalòg la.Se Dyalòg li ye.

SDP rete atache ak akò 11 Septanm nan.SDP ap Kontinye bagay pou aplikasyon akò 11 Septanm nan.Tout Revandikasyon pèp la nan akò 11 Septanm nan. SDP se transparans. Nou chwazi parèt tout kò nou. Nou pa nan woule m 2 bò. Nou pap jwe jwèt anba tab sou do pèp la. Nou Pa gen odas sila yo ki nan Gouvènman an epi kap pran pòz yo nan Lopozisyon.Nou pap mete ansanm ak politisyen kòwonpi, Machann dwòg yo pou eksplwate kòlè ak mizè pèp la.Nou pap fè jwèt lennmi pèp la.

Jodi a se Moman Lapè, se pa Moman lagè. Ann travay Ansanm pou lapè, estabilite Politik ak devlopman.

Dimanch 11 Septanm 2022,
yon lane apre siyati akò 11 Septanm nan
André Michel
Pòt Pawòl SDP.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.