Kredo Mouvman Kilti Natif : yon mouvman konsekan pou pwomosyon kilti ayisyen an Kreyòl

0
1043

Blag –Blagè             Dans—Dansè                      Desen—Desinatè              Ekriti—Ekriven      

Èskilti—Èskiltè       Foto—Fotograf                  Mizik—Mizisyen               Penti-Pent

Pwezi-powèt                      Teyat—Aktè

Idantite kiltirèl yon pèp chita  sou fondasyon egzistans limenm menm kòm pèp

ONÈ RÈSPÈ !

Apre pliske desanzan, Kreyòl la afiche tèt li anfen kòmsadwatèt ak tout fyète e tout glwa li merite kòm lang ofisyèl pèp Ayisyen, yon pèp vanyan ki p ap janmen sispann lite pou libète li, men sitou pou li viv byen sou latè beni.

Deklarasyon ofisyèl … se yonn. Edike tout pèp la, nan tout kwen peyi Dayiti pou louvri lèspri li, e sa ki pi bèl la, pèmèt li selebre kilti li, tradisyon li, kwayans li alawonnbadè san jouman, san yo pa denigre li… se de.

Nan ka sa, chak moun  Konsekan,  chak atis Konsekan, nan Mouvman Kilti Natif sa, ki yon Mouvman Konsekan tout bon vre, ki  rele li MKN (Mouvman Kilti Natif) oubyen MK (Mouvman Konsekan) si nou vle, dwe kanpe nan zòn kote l pa viv la pou selebre e pataje talan li ak tout moun nan zòn li dabò, tout peyi Dayiti apre e lemond antye pi devan.

Inisyativ nou nan eta peyi Dayiti ye la pa dwe depann ni de Leta, ni de gouvènman. Fòk nou klè sou sa : si Leta ak Gouvènman k ap dirije Leta  te pran responsabilite yo pou peyi Dayiti, pèp Ayisyen pa ta nan soufrans li ye nan jounen jodiya.

Libète pa libètinaj. Nou konsyan de eta depravasyon, imoralite k ap ravaje peyi Dayiti. Se vre nou pa la pou sansire kreyativite yon atis, sepandan MKN refize kategorikman plonje jenès Ayisyen an nan imoralite ak endesans koripsyon pèmèt pou pwofite de feblès mantal lamizè pote : soufrans pa dous.

Menmsi nou di MKN pa nan politik, yo ka di nou, n ap fè politik. E sa pa dwe kraponnen nou. Ki moun ki kanpe pou nou vre ? Ki moun ki vle nou viv byen vre ? Ki moun ki pwoteje nou vre ? Nou pa vini pou revandike. Nou bouke fè sa. Nou vini pou selebre. Nou pa vin selebre ak senti—sere dan lache kò. Nou vin selebre ak lèspri.

Nou rèspèkte dwa tout moun ki move paske Kreyòl la deranje zòrèy yo e tout moun tou ki anraje dèske pitit yo dwe aprann Kreyòl lekòl. Nou pa bezwen raple yo ni Lafrans ni Kanada pa twò lwen. Nou pa yon mouvman refòmis. Selebre kilti ayisyen nan lang zansèt nou yo, nan lang manman nou, nan lang papan nou ak manman nou se dwa fondamantal pèp ayisyen. Dayè, yo te denye li dwa sa pandan twò lontan.

Si se vre lide MKN lan soti nan dyaspora a, ak anpil imilite n ap deklare MKN se mouvman pèp Ayisyen pou tout Ayisyen Konsekan. Se pa paspò ki di ki moun yon moun ye vre. Se lanmou yon moun genyen nan kè li pou yon peyi ki nasyonalite li tout bon vre. Lalwa pa di sa, se vre. Men lalwa pa ka pi fò pase lanmou. Dayè, lanmou ka chanje lalwa.

Tankou nan peyi Dayiti, atis Konsekan nan dyaspora a responsab pou fè pwomosyon kilti Ayisyen an an Kreyòl, nan zòn kote li ye a dabò. Aprann konnen moun kote l ap viv la. Se vre nan dyaspora rèsponsabilite yo anpil, n ap mande kominote Ayisyen nan chak zòn pou yo pa neglije jefò atis Ayisyen ap fè pou pataje talan yo ak nou.

Politik pwotèstan yo nan peyi Dayiti e menm nan dyaspora a kreye yon divizyon menm Jezikri  pa fè pandan pasaj li sou latè beni. Jezikri te chita pale ak tout moun. Anpil pastè bouke rele monden tout moun ki vle selebre kilti yo menm lè yo pa ale nan bal. Nou pa yon mouvman refòmis. Men nou pa pè idantifye pwotèstan pandan n ap rèspèkte fwa yo kòm yon gwo pwoblèm nan selebre kilti peyi nou. Pè Letènèl pa bezwen ni fanatik, ni sòlda, ni moun ki pou defann li. Kwayans yon pèp fè fòs li ! Ak kwa a, ak bib la zansèt nou t ap viv lanfè sou latè—Kolon an te kwè nan Bondje ! Amen !

Anplis, nan jounen jodiya, planèt la divize antre ant rich ak pòv, antre ant fò ak fèb. Tout moun sa ki yo ki rich la, tout pèp, tout nasyon ki fò yo  ap bwè san moun san rete—Yo tout kwè nan Bondje, e yo di tou yo sivilize. Alò, tanpri souple, MKN gen tout lejitimite li nan kwayans pèp Ayisyen.

MKN ap envite tout Ayisyen ki santi yo Ayisyen toujou, tout Ayisyen ki kwè nan Ayiti toujou, tout Ayisyen ki vle rete Ayisyen toujou, tout Ayisyen ki vle mouri pou jan yo wè Ayiti nan jounen jodiya, tout Ayisyen ki move tankou kong devan sa k ap pase ann Ayiti nan jounen jodiya, tout Ayisyen ki pa wè sa yo k a fè pou gen chanjman ann Ayiti, men sitou tout moun ki devwe pou sètfwasi fòk gen yon mouvman menmsi li pran dizan, ventan, vennsenkan, ki pou mennen Ayiti pi devan. MKN ap envite tout Ayisyen, tout moun ki renmen Ayiti vin selebre kilti Ayisyen ak atis Konsekan nan MKN.

GI Frants

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.