New York | Carnaval Labor Day. Michel Martelly absan: « pa gen plas pou nèg vin’n defile ak ti jip sou li ankò sou Eastern Parkway »

0
10569

Brooklyn, NY- lundi 5 septembre 2022 ((rezonodwes.com))–Apre plizyè refi ke Sweet Micky te pran nan Montréal, Miami, Paris, Boston e byen lendi 5 septanm lan jou fèt Labor Day nan Etatzini, ansyen prezidan pat parèt prent nen’l li nan New York.

Sweet Micky ki te konn abitye montre tout longè’l nan zak san pidè, nan di betiz sou cha nan Kanaval Labor Day, sou Eastern Parkway, te absan alòs ke gen anpil Aysyen ki tap tan’n pou te rele chalbari dèyè’l sitou depi apre lanmò Jovenel Moise, kote non miche ap site « kòm nèg kita manje chat’la oubyen livre fiyèl la ».

Dapre jounalis Edens Desba animatè yon emisyon ki trè koute chak dimanch nan New York, « jounen Labor Day te byen pase menm lè ke Aysyen pat fè resòti anpi koulè ak kilti lakay ». Deba te pwofite felisite yon fanm Aysyèn ki te onore Catherine Flon, zansèt ki te koud pou Dessalines premye drap nou an.

M. Desba ki di ke jan defile Labor Day la òganize ane sa, pou premye fwa depi koure kache pou koronaviris la fini, « ane sa pat gen plas pou nèg tankou Michel Martelly di Sweet Micky te vinn defile ak ti jip li plake souli pou vinn grenen betiz ».

Nan yon entèvyou ke li bay jounal Gazette Haiti depi New York, Edens Desbas di ke « Martelly vòlè ase kòb pou’l viv ak lajan Petro Caribe a ki gaspiye sou pouvwa misye’a […] li pa reyèlman bezwen jwebal pou’l viv ». Jounalis la ki tap swiv carnaval Labor Day la presize ke Sweet Micky menm lè li kon’n ap jwe, bal li yo pa janm gen moun vre, se blanchiman lajan kap fèt ».

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.