Gen ti bandi y ap arete epi touye yo, sak ap fèt ak gwo chèf gang yo, se kesyon sa sineyas Aysyen Richard Senecal poze tèt li?

0
10326

Tout otan nouvèl yo pa di e montre ke lapolis fouke BBQ, Izo 4 segond, Vitelhomme, Ti Gabriel, chèf Chyen mechan yo ak anpil lòt bandi « à cravate » lit kont ensekirite-a poko prèt pou fini?

Samedi 20 aout 2022 ((rezonodwes.com))–Chèf bandi Babekyou poze kòl kèk tan depi’l finn patisipe nan masak kote pi plis pase 300 moun nan Site Solèy mouri. Eske se mande chèf kap bali oubyen founi’l gwo zam manch long fann fwa yo mande’l pou fè pouka di demen devan OEA ak ONU ke peyi-a gen sekirite an nou pike pou pi devan nan eleksyon malachon’n pou kenbe sistèm peze souse a pi rèd?

Nan yon ti refleksyon tou kout sou kont Tweeter li-a, sineas Aysyen ke anpil moun konnen lakay ak lòt bò dlo, Misye Richard Senecal, fè yon deklarasyon ki gen anpil sans nan moman ke la polis kap fè yon bon travay men ki montre se sèlman yon gwoup bandi byen detèminé kap pran bon jan frap. Men kote lyetenan BBQ yo? Kote nèg Izo yo pase?

« Gen ti bandi y ap arete epi touye yo, gen chèf bandi yo pè manyen yo epi gen gwo papa bandi ki bay bandi sa yo zam ak minisyon pou rezon politik oswa ekonomik« , sesa Mouche Senecal deklare pandan lap rekòmande ke « Se tout nivo bandi sa yo ki dwe desitire » pou peyi-a ka pran yon souf tout bon vre.

Nap souliye ke la polis ki fè anpil bon jan kout filè sè dènye tan, yon rekò ke ansyen DG Leon Charles ki malgre tou jwenn pwomosyon nan OEA – « pour son incompétence et services rendus au régime PHTK3 » – pat rive fè, men pi gwo kesyon a rete toujou sans repons a savwa kilè yap mache sou gwo bandi sa ki se chèf G9 la, ki te jwen anpil konpliman bò kote Madan La Lime, chèf Binuh an?

Sispann ak politik lotrich mounda deyò tèt kache nan trou!

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.