Lapolis nan Vil Ench arete 3 endividi
Vandredi 12 out 2022 ((rezonodwes.com))–
Nan kad ranfòsman sekirite nan depatman Sant, Direksyon Depatmantal Lapolis arete 3 endividi akòz yo pa anrèg avèk lalwa nan moman yon tchèk pwent jedi 11 dawout la.
Endividi ki arete yo se :
Siméon Jean Johny, 32 lane, moun Fontamara ke lapolis te jwenn ak plizyè sibstans nan men li ki sanble ak dwòg, ak plizyè biyè mil goud;
Registre Miguelson, 37 lane, moun Boukan Kare arete pou ankèt SDPJ pou pyès idantifikasyon lòt moun yo jwenn nan pòch li;
Charliscat Guyvenel, 39 lane moun depatman Latibonit, zòn Dezam te sou wout pou l ale Wanament e li tap sikile san ankenn pyès idantifikasyon.
Pou kounya, moun sa yo fèmen nan gadavi pandan dosye yo ap prepare pou yal reponn kesyon devan enstans ki konsène.