Matris Liberasyon mande Akò Montana retounen jwenn mas pèp la pou tanmen yon mobilizasyon poteboure

0
1910

Lendi premye out 2022 ((rezonodwes.com))–

Matris Liberasyon koube l byen  ba, pou l salye pèp Ayisyen an k ap kontinye monte maswife anba lavichè, ensekirite, koripsyon, esklizyon, anba PHTK 3è vèsyon an, kote gouvènman Aryèl la mare sosis li ak Madan Lalime BINUH, ak sèten dirijan politik, mete sou tout sa yo,  yon gwo pati nan laboujwazi a tou, pou fini ak mas pèp la.

Depi plis pase yon lane, aprè sasinay brital epi sispèk ansyen Prezidan PHTK dezyèm vèsyon an,  Jovenel Moise, nou pa ka pa raple lavi san valè nan je gwoup moun sa yo, pi gwo rèv yo se rete nan tèt peyi a menm lè manda yo fini pandan yo p ap regle pou popilasyon an.  Matris Liberasyon nan bò pa l rete kwè lavi tout moun konte, se poutèt sa nou  pa janm sispann reflechi sou kriz la ki chak jou vin pi mangonmen, e k ap pran tou yon lòt dimansyon : kote lavi moun vin pi pa vle di anyen pou gwoup PHTK kèlkeswa fòm li vle pran an, kote valè ak senbòl yo pa reprezante anyen kòm bousòl pou fonksyónman sosyete ayisyèn nan.

Sa gen yon bon ti tan, devan degrengolad sa nan pouvwa Leta yo, anpil òganizasyon ak gwoupman politik ki soti nan tout rakwen nan peyi a te koumanse chita pou jwenn yon fòmil pou akonpaye pèp la nan batay pou jwenn yon solisyon pou libere peyi a anba mafya nasyonal ak entenasyonal yo. Se konsa malgre anpil obstak yo rive akouche « Akò Montana ».

Akò sa a parèt tankou yon solèy k ap limen lespwa pou koumanse soulaje kalamite majorite popilasyon an. Objektif pwojè Akò Montana a klè , se :

Mete kanpe yon tranzisyon koupe fache pou fini ak tout gagòt, tout fòm ensekirite ki  blayi sou peyi a. Sa ap rive fèt , lè nou va rive :

1-kreye kondisyon pou  jije tout eskanmotè, volè ak kriminèl k ap masakre popilasyon an;

2- jwenn yon antant sou pi bon estrateji pou libere tout zòn nan peyi a Kote gang ap fè e defè;

3- rekanpe enstitisyon leta yo, pou redemare peyi a kòmsadwa.

Malerezman, aprè yon lane movèz jesyon,  pouvwa Aryèl la, ap batay pirèd pou renouvle tèt li. Anpil obstak, manipilasyon, ezitasyon, ak tantativ enstrimantalizasyon, melanje ak negosyasyon blòf, bloke pwojè pou mete kanpe tranzisyon koupe fache sa a, ki se priyorite kle nou menm nan Akò Montana.

Sak pi mal la, san konsilte gwoupman popilè yo, responsab BSA yo ( Biwo Swivi Akò a)  foure tèt yo nan pyèj chita pale , fè dilatwa ak pouvwa Aryèl la,  pandan moun ap tonbe toupatou nan peyi a, moun ap trimen anba mizè san parèy, gaz ap monte men wotè, lavichè ap kokobe majorite popilasyon an ki pa konn ki wout pou l pran.

Malgre bòn volonte BSA ( Biwo Swivi Akò a) , tout moun konnen Aryèl pa mèt tèt li. Tout monte desann negosyasyon sa yo, se pou fè tan pase e pèmèt Aryèl jwenn  yon minimòm lejitimite ak kredi ke l pat janm genyen.

Matris ki se yon mouvman ki soude ak kòz mas defavorize yo, ap mande responsab BSA yo,  FÈ YON TI KANPE !!!  Epi al jwenn gwoupman popilè yo ak mas popilasyon an, pou mennen vrè batay pou libere peyi a tout bon vre anfas piyajè ak kriminèl etranje, melanje ak piyajè, restavèk- kriminèl lokal.

Politik makiyaj, kalewès sa, nan sitiyasyon malouk peyi a ye la, dwe kanpe !!!

Nou dwe kontinye òganize nou,  reprann fòs nou nan batay la. Make sa pèp vanyan : sèl yon mobilizasyon poteboure pèp ki ka fè peyi a reprann eskanp figi l.

DI DYAB BONJOU, L AP MANJE W !

PA DI L BONJOU, L AP MANJE W PIRÈD ! LEVE KANPE POU NOU LIBERE PEYI A ! Nou se MATRIS!!!

Pou otantifikasyon : Biwo Sekretarya santral Matris Liberasyon matrisliberasyon033@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.