PHTK anba je Nasyon Zini kraze tout enstitisyon Leta : gen pase 12 masak ki fèt pandan dis lane rejim nan pou rive sou Ariel Henry, dapre Matris Liberasyon

0
3548

MATRIS LIBERASYON wete chapo li byen ba pou salye pèp Ayisyen an
ki kontinye ap monte yon veritab maswife nan pwòp peyi l depi jou yo
te fin touye Anperè Jean Jacques Dessalines , papa nasyon an, jouk
pou rive jounen jodi an.

Jeudi 14 juillet 2022 ((rezonodwes.com))–

Nòt pou laprès ke Matris Liberasyon voye:

Depi me 2011 , DEPATMAN DETA AMERIKEN ak PHTK kidnape LETA
AYISYEN, ki tounen yon Leta bandi, kriminèl, k ap kreye, alimante
gwoup gang toupatou pou detwi popilasyon an. Sitiyasyon sa a
reponn ak enterè laboujwazi ak dirijan politik meriken mete nan tèt
Leta a pou egzekite yon plan asasinay pou fini ak Peyi a.

Tankou Chèf PHTK dezyèm vèsyon an, Jovnèl Moyiz, te anonse l
anvan li mouri : l ap kite yon peyi tèt anba pou nou ak moun li yo ki
se chèf bandi , malfektè, nan tout peyi a. Reyalite a pa lòt, pèp la an
otaj nan pwòp peyi l, grangou ap touye l, kriminèl ap masakre l, chase
l nan pwòp katye l. Tout sa ap fèt bab Mouche Leta, anba bab Madan
Lalim , moun mouri pa pil a pa pakèt nan Lasalin, nan Matisan, nan
Bèlè, nan Delmas 32, nan kwadèboukè, anba je yo la , moun ap mouri
Site solèy…

Tankou jan dènye rapò RNDDH la di l , Matris Liberasyon kondane
alyans Leta Ayisyen fè ak G9 nan ba yo materyèl CNE pou atake G pèp
pou kontwòl tèritwa e rive pran pouvwa nan eleksyon malatyong. Sa
ki ta lakoz yo touye plis pase 80 inosan , blese plis pase yon santèn ,
boule kò yon bon kantite ladan yo . Jiskaprezan masak sa ap kontinye
nan bab kò gwoup , Washington ak Madan Lalim.

Matris Liberasyon konnen trè byen, sitiyasyon kawo nap viv la pa sot
nan syèl. Ensekirite pwograme sa se pi gwo reyalizasyon pouvwa
PHTK kite pou peyi a. Nan gwo bilan 11 zan pouvwa tèt Kale a , yo
rive fè plis pase yon douzèn masak. Nou p ap janm bliye masak
Delmas 32 a kote yo te asasinen pòt pawòl nou Marie Antoinette
Duclaire ak jounalis Diego Charles, pandan yo te pwofite vide pifò
moun ki te sou wout yo atè.

PHTK anba je NASYON ZINI kraze tout enstitisyon Leta , kase ren aparèy jistis la, pou yo pa rann kont apre tout krim yo fè, tout piyaj, tout gagòt yo fè pandan plis pase 10 zan
sou pouvwa a, depi Michel Martelly pase pran Jovenel Moïse rive sou Ariel Henry.

Matris Liberasyon, devan sitiyasyon sinis sa, rekonèt pa gen wout pa
bwa. Di djab bonjou l ap manje w, pa di l bonjou l ap manje w! Sèl
solisyon an, se pou pèp la òganize l, angaje l nan batay ak militan
konsyan pou libere tèt li nan sitiyasyon l ye la a.

Se pou òganizasyon politik yo sispann pratik meskinri an, pratik pa m
pi bon an, pou yo asosye yo ak lit pèp la pou mennen gwo batay
liberasyon an. Lènmi yo anpil , yo pwisan, si nou pa angaje nou nan
yon batay liberasyon total kapital, n ap disparèt grenn pa grenn.

MATRIS LIBERASYON PARE POU ANGAJE L NAN KOKENN CHENN MOUVMAN
LIBERASYON SA A, PASKE SE SÈL CHWA NOU GENYEN POU NOU PA DISPARÈT
GRENN PA GRENN.

Pou otantifikasyon :

Biwo Sekretarya santral Matris Liberasyon
matrisliberasyon033@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.