MENFP kontinye mobilize patnè li yo sou dosye bakaloreya teknik la

0
974

Jedi 14 jiyè 2022 ((rezonodwes.com))–


Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl ap etidye posibilite pou develope yon bon jan patenarya ki dwe fasilite demaraj ekpsperyans Bakaloreya teknik ak pwofesyonèl la apati nouvèl ane akademik 2022-2023 a. Se te prensipal objektif rankont minis Nesmy Manigat te genyen pandan jounen madi 12 jiyè a avèk yon delegasyon kongregasyon Salezyen Don Bosco yo ann Ayiti; delegasyon sa a ki te gen nan tèt li pè Morachel Bonhomme ki se Siperyè provensyal Salezyen yo nan peyi a.

Pandan rankont sa ki te dewoule ak anpil koutwazi, minis Nesmy Manigat te prezante pwojè Bakaloreya teknik ak pwofesyonèl la bay salezyen yo avèk tou sa li genyen ladann kòm avantaj pou sistèm edikasyon an ki nan obligasyon pou ofri lòt opòtinite bay jenn yo; opòtinite pou bati lavni avèk plis asirans; opòtinite pou kwape chomaj ak povrete paske Bakaloreya teknik ak pwofesyonèl ap ba yo posibilite pou yo byen aprann yon metye ki sètifye epi kòmanse ranfòse kapasite pwofesyonèl yo pandan y ap plase tèt yo sou mache travay la san yo pa kanpe sou aprantisaj yo.

Nan nouvo kad patenarya sa a MENFP ap chèche konstui avèk Salezyen yo, minis Nesmy Manigat anvizaje inogire l ak pwochen pwomosyon segondè 1 nan lise nasyonal Lasalin nan. Menm jan an tou, li swete ekpsperyans la ta kapab demare avèk yon lòt gwoup elèv ki ta kapab benefisye akonpayman sa a atravè Sant Don Bosco Tehnik(DBTECH, nan lang franse) ki nan Fò-Libète.

Pandan rankont sa a pè salezyen yo te elabore sou kèk ide ki ta kapab ede nan fè inisyativ sa a byen demare. Yo te raple nan okazyon an volonte kongregasyon an toujou genyen pou li kolabore avèk Leta ayisyen, atravè ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl. Yo te raple tou se yon kolaborasyon parèy ki te alabaz enstalasyon yo nan peyi d Ayiti nan lane 1936 (sa fè deja 86 zan).

Pou pèmèt nouvo patenarya sa a kapab byen chita, de pati yo mete yo dakò pou òganize yon jounen travay epi sòti ak kèk pwopozisyon yo kapab enskri anndan yon dokiman.
Pandan reyinyon sa a, minis Nesmy Manigat te gen ak li direktè kabinè li, doktè Jacques Abraham.

Sou bò pa l, delagasyon Salezyen Don Bosco Ayiti a te gen ladan l: pè Morachel Bonhomme (Siperyè provensyal Salezyen yo) ; pè Lex Florival(direktè ENAM : Ecole nationale des Arts et Métiers, nan lang franse) ; pè Sonel Romain (vikè-pwovensyal e direktè kominote salezyen nan Petyonvil) ; pè Victor Auguste (ekonòm pwovensyal e direktè Fondasyon Rinaldi/Don Bosco Ayiti) ak pè Jean-Paul Mésidor (direktè kominote salezyen nan Fò-Libète).

Biwo kominikasyon / MENFP

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.