Georges Castera, « Tanbou kreyòl » : pwèm pou 4 podyòl ak de wòch

0
1517

Georges Castera fils, né le 27 décembre 1936 à Port-au-Prince et mort le 24 janvier 2020 à Pétion-Ville, est un un des plus grands poètes haïtiens contemporains. Son œuvre, écrite en créole et en français, marque toute une génération.

Mercredi 13 juillet 2022 ((rezonodwes.com))–

Georges Castera, « Tanbou kreyòl »

pwèm pou 4 podyòl ak de wòch

Tanbou mache di
sa-m pa ka pote
ma kapote-l
sa-m pa ka
sa-m pa ka
ma ka
trakatap katap ka
trakatap katap ka
GOUDOU GOUDOU GOUDOU
plop
plop
plop
Gen tanbou
se ak zo mò pou bat yo
pou bri a sèk rèk
Apre ou bat vant yo
pou fè yo pale
GOUDOU GOUDOU GOUDOU
plop
plop
plop
pou fè yo pale
pou nèg isit nèg lòtbò
sispann lage chèy pay
anba sab lanmè
trakatap katap ka
ma ka
sa-m pa ka
ma ka pote-l
san-m pa kapote-l
Tanbou-m bat la
Tanbou-m bat la
wa karese-l ak men ou
wa karese-l ak kò-w
Mo kreyòl yo se tanbou-m
Tanbou m’bat la rèk
Tanbou m’bat la sèk
Tanbou yo mache di
san timoun san granmoun
depi anro jouk anba
San timoun, san granmoun
tout lajè tout longè
tout lage lan lari aklè
Se yon lame fizi atè
ki pa veye frontyè
ki pa veye lanmè
se yon lame san lonè
yon lame pèyè
san peyi
k’ap gaspiye on divital
rafal katafal
catafales
pou fè moun pè
Se yon lame pèpè
lòt ame abiye dezabiye
a klè
Tanbou mache di
sa-m pa kapote
wa ka pote-l
wa kapote-l
si-m pa ka pote-l
sa-m pa ka
sa-m pa ka
wa ka
trakapap katap ka

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.