Ministè Edikasyon Nasyonal òganize plizyè sesyon fòmasyon sou Pwotokòl koreksyon kopi egzamen bakaloreya

0
1133

Sesyon fòmasyon sou Pwotokòl koreksyon kopi egzamen bakaloreya yo fèt deja nan 9 sou 10 DDE

Mèkredi 13 jiyè 2022 ((rezonodwes.com))–

Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl(MENFP) ap òganize pandan semenn sa a yon seri sesyon travay ak ankadrè yo ki regwoupe : prezidan, kòdonatè ak sekretè jiri, sou pwotokòl koreksyon kopi egzamen bakaloreya yo. Jounen fòmasyon sa a deja fèt nan 9 Direksyon depatmantal edikasyon.

Se Direksyon ansèyman segondè (DES nan lang franse), ki te elabore pwotokòl la, k ap mennen aktivite sa a. Zouti sa a enpòtan anpil pou evite neglijans, enjistis, diskriminasyon, inegalite ak eksklizyon nan egzèsis koreksyon kopi kandida yo, ki se yon lòt etap nan pwosesis operasyon egzamen ofisyèl yo. Jounen madi 12 jiyè 2022 a, se te toupa depatman lwès. Yon depatman ki gen ladann preske 50% nan kandida egzamen bakaloreya yo pou ane sa a (49 693 kandida pou yon total 115 337).

Se direktè jeneral ministè a, doktè Meniol Jeune, ki te gen ak li direktè depatmantal edikasyon lwès la, Étienne Louisseul France; direktè ansèyman segondè a, Miguel Fleurijean epi kèk lòt kad nan direksyon depatmantal lwès la, ki te louvri sesyon fòmasyon sa a nan lokal lise nasyonal Petyonvil la.« Pou kopi patisipan yo byen korije fòk gen korektè eksperimante ki konn byen sa y ap fè a. Se pou sa li enpòtan pou se moun ki anseye nan klas tèminal pandan lontan ki enplike nan demach sa a », se sa direktè jeneral la ministè te deklare nan okazyon an.

Selon direktè ansèyman segondè a, Miguel Fleurijean, objektif sesyon fòmasyon sa a, ki te reyini plis pase 30 ankadrè, se fasilite bon jan koreksyon kopi kandida nan egzamen bakaloreya 2022 a. Ankadrè sa yo gen pou devwa sou bò pa yo transmèt bay korektè yo tout sa yo aprann sou pwotokòl koreksyon an.Pwosedi nan zafè koreksyon kopi egzamen ; tip koreksyon ; wòl korektè yo nan sa ki konsène trètman kopi yo ; bòdro koreksyon yo ; fason pou korektè yo konpòte yo nan sal koreksyon yo, se kèk pami prensipal pwen ki nan pwotokòl la direktè Miguel Fleurijean te pran tan pou l prezante bay asistans la.

Patisipan nan atelye sa a, ki se moun eksperimante nan zafè òganizasyon egzamen Leta nan peyi a, te pwofite montre nesesite ki genyen pou korije kèk ti pwoblèm yo konn jwenn nan operasyon koreksyon kopi kandida nan egzamen bakaloreya yo. Yo kwè gras ak pwotokòl koreksyon an pwoblèm sa yo pral rezoud.

Yon lòt kote, direktè jeneral ministè a ki di l kontinye konte sou bon jan kolaborasyon tout moun ki enplike nan operasyon egzamen ofisyèl yo, sitou korektè yo, te tou pwofite anonse sesyon fòmasyon sa yo pral kontinye pandan tout ane a. Se yon fason pou tout anseyan ki te konn korije kopi egzamen bakaloreya tradisyonèl la – ki prèske disparèt nèt nan sistèm edikasyon an – kapab pi byen prepare yo pou koreksyon kopi kandida bak inik la (Pou ane sa a se mwens pase 4% kandida ki te genyen pou bakaloreya tradisyonèl la).

« Gwo chanjman sa a montre nesesite pou ranfòse konpetans korektè yo. Konsa y ap kapab korije pi byen kopi kandida yo», se konsa direktè jeneral MENFP te anchene pou l montre nesesite fòmasyon sa yo. Nimewo 2 ministè a te pwofite okazyon an pou l fè yon evalyasyon pwosesis desouchaj kopi egzamen yo ki deja demare nan lise Petyonvil la.

Li bon pou raple sesyon fòmasyon ankadrè yo sou pwotokòl koreksyon an fèt deja nan 9 DDE : Nò, Nòdès, Latibonit, Nòdwès, Nip, Lwès, Sid, Sidès ak Sant. Se nan jounen mekredi 13 jiyè a, kòdonatè jeneral Pòl ansèyman ak kalite a, Joseph Job Maurice, ap gen pou anime sesyon fòmasyon sa a pou yon ventèn ankadrè nan Jeremi (Grandans) menm jan li te fè sa pandan jounen madi 12 jiyè a pou yon ventèn lòt nan vil Okay (Sid).Selon pwogramasyon ki fèt nan chak DDE, operasyon koreksyon kopi yo ta dwe demare tousuit.

Biwo kominikasyon / MENFP

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.