Ayiti : 115 337 kandida pral patisipe nan egzamen bakaloreya ane sa

0
1133

Jedi 30 jen 2022 ((rezonodwes.com))– 115 337, se kantite kandida nan 10 Direksyon depatmantal edikasyon nan peyi a ki pral patisipe nan egzamen bakaloreya pou ane lekòl 2021-2022 a; egazamen sa yo k ap fèt pandan kat jou : vandredi 1e jiyè, lendi 4, madi 5 ak mèkredi 6 jiyè 2022.

Tout bagay pare pou fasilite kokenn chenn operasyon sa a kapab byen dewoule, daprè deklarasyon Direktè jeneral Ministè edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP), Doktè Meniol Jeune te fè nan okazyon yon konferans pou laprès sou egazamen bakaloreya yo.

Nimewo de MENFP a te fè yon ralemennenvini sou kèk konsiy kandida yo ak tout lòt moun ki enplike nan òganizasyon egzamen sa yo dwe respekte tankou: entèdiksyon pou kandida, siveyan ak sipèvizè itilize telefòn anndan sant egzamen yo; entèdiksyon pou itilize kalkilatris pwogramab oubyen lòt zouti kominikasyon. Gen sanksyon ki prevwa pou kontrevenan yo menm jan gen sanksyon pou tout sila yo ki ta enplike nan fwod ou ki ta konplis moun k ap fè fwod.

Direktè jeneral ministè a te pwofite konferans pou laprès sa a, ki te andirèk sou Televizyon nasyonal ak Radyo nasyonal, pou remèsye davans siveyan, sipèvizè, delege sikwi, direktè sant egzamen yo, direktè depatmantal yo, manm Komisyon nasyonal egzamen Leta yo, lapolis nasyonal pou bon jan dispozisyon yo pran pou reyisit operasyon sa a.Doktè Meniol Jeune, yon lòt bò, ankouraje tout popilasyon an pou gade vijilans li nan kontribiye pou kategori elèv sa yo kapab byen boukle ane lekòl la, pase egzamen sa yo epi bay tèt yo lòt pèspektiv.

Plis pase 48% nan 115 337 kandida sa yo se nan depatman Lwès yo ye (56 213); depatman Latibonit vini nan dezyèm pozisyon avèk 12 249; depatman Nò vini nan twazyèm pozisyon avèk 11 722. Se depatman Nip ki gen piti kantite a: 3 536 kandida, swivan tablo estatistik, Gérald Belizaire, kòdonatè inite enfòmatik nan Biwo nasyonal egzamen Leta a (BUNEXE nan lang franse).Pou akeyi 115 337 kandida yo, ministè a louvri 572 sant egzamen.

Nan sa ki gen pou wè ak kalite tèks egzamen yo, Direktè anseyman segondè a raple tout dispozisyon ki te pran, nan nivo sa a, pou tèks yo te byen elabore yon fason pou kandida yo kapab konprann kisa yo mande yo pou fè. Miguel Fleurijean rasire tout elèv yo, ekip teknik MENFP a rive fè sa epi tèks yo koresponn ak pwogram lekòl yo.

Direktè ansèyman segondè a te bay lòt detay ki konsène òganizasyon jeneral yo bakaloreya inik la. Genyen senk disiplin transvèsal (filozofi, kreyol, matematik, istwa/jewografi, chimi), ladan yo tout kandida ap konpoze kelkanswa nan seri yo ye a; genyen kat disiplin jeneral (SVT, fizik, anglè, espanyòl), ladan yo plis pase 80% kandida segondè renove a ap konpoze epi genyen de displin espesifik: mizik ak la, pou seri LLA ak ekonomi pou seri SES.

Pou kat seri yo (SVT, LLA, SMP, SES) tout kandida yo ap konpoze sou 1900 pwen. Y ap bezwen fè mwatye nan 1900 pwen sa yo pou yo kapab reyisi.Kòdonate jeneral Pòl Ansèyman ak Kalite a ankouraje kandida yo pou yo byen prepare yo mantalman pou yo kapab byen pase egzamen sa yo.

Yo bezwen byen òganize panse yo epi jere tan pou egzamen yo. Joseph Job Maurice raple jefò ministè a te deplwaye pou akonpaye kandida yon atravè kou ki fèt adistans yo, sitou sou antèn Radyo Tele edikatif k ap emèt, depi kòmansman mwa me pase a, sou frekans 105.3, pandan katrèd tan, sòti lendi pou rive vandredi.

Biwo kominikasyon / MENFP

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.