Change.org | Kòd penal imoral. Petisyon pou fòse rejim PHTK-Binuh a « revoke legalizasyon pwostitisyon timoun, moun ak bèt, fanm ak fanm, gason ak gason…. »

0
3068

167,759 have signed. Let’s get to 200,000! At 200,000 signatures, this petition becomes one of the top signed on Change.org!

à lire aussi : Le Code Pénal de Jovenel Moise entrave la poursuite de tout présumé dilapidateur de fonds de Petro Caribe | Rezo Nòdwès (rezonodwes.com)

Haiti – Le code pénal qualifié d »amoral » par les évêques, « infâme » par les protestants, « scandaleux » par André Michel, entre en vigueur en 2022, rappelle Helen La Lime, vendredi | Rezo Nòdwès (rezonodwes.com)

POZISYON LEGLIZ AN AYITI SOU DIVES PWOBLÈM MORAL NOUVO DEKRÈ GOUVENMAN AYISYEN AN

Gouvènman Repiblik la pran plizyè dekrè, nan 4 dènye mwa sa yo, sou diferan kesyon ki pwovoke pwotestasyon plizyè sektè òganize ak senp sitwayen nan sosyete a. Plizyè pwen sa yo leve plim sou do pifò Ayisyen ki wè yo kòm yon seri atak gouvènman an fè sou moralite sosyete ayisyèn nan ak kilti li. Pandan ke li fèmen je’l sou bezwen reyèl pèp la. Nou menm Legliz Ayisyen nou gen yon reskonsablite pou’n defann moralite peyi nou. Nan sans sa, nou deside fikse pozisyon nou sou dekrè imoral sa yo.

Konsa :

1.     Nou rejte atik 304 ak 471 nouvo Kòd Penal sa ki bese anba chal laj pou moun dakò fè bagay a 15 zan.

2.     Nou rejte atik 468 nouvo kòd penal sa ki pèmèt ke timoun ki gen 15 zan e plis ka bwè tafia si yo vle.

3.     Nou rejte atik 471 nouvo Kòd Penal sa ki fofile pwostitisyon timoun ki gen plis ke 15 zan nan sistèm sosyete nou an.

4.     Nou rejte atik 305 nan nouvo Kòd penal la, ki sitire pratik seksyèl ant kouzen ak kouzin, ant tonton ak nyès, ant tant ak neve.

5.     Nou rejte atik 301 nan nouvo Kòd Penal sa ki otorize relasyon seksyèl menm ant moun ak bèt si yo pa fòse moun nan. Sosyete ayisyèn nan rejte pratik sa yo nan sistèm moral li, kit moun yo kretyen, ou pa.

7.     Nou rejte atik 362 ak 363 nouvo Kòd Penal sa ki pini tout pè, tout pastè, tout ofisye eta sivil ki ta refize bay sévis piblik ki kont konviksyon moral ak relijye yo. Ofisye sa yo ka pran prizon pou 1 a 5 lane ak peye 50,000 jiska 100,000 goud amann.  Atik 366 lan bay sanksyon enstitisyon yo, tankou legliz.

Kisa nou mande:

Nou mande gouvènman Repiblik la pou’l pase men sou tout atik sa yo ki vyole Konstitisyon peyi a, Kòd Sivil la epi ki kontrè ak bon mès ak kilti sosyete ayisyen nan.

N’ap fini pou nou fè otorite politik yo sonje: “Lè gen jistis nan yon peyi, sa leve peyi a. Men peche lenjistis se yon wont pou yon nasyon.” Pwovèb 14.34

Se pou Bondye beni Ayiti!

Dr. Ariel Henry Twitter Page https://bit.ly/3OjAwdG 

Dr. Ariel Henry Facebook Page https://bit.ly/3HzIzko

Petition · Revoke legalizasyon pwostitisyon timoun, moun ak bèt, fanm ak fanm, gason ak gason…. · Change.org

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.