Kreyòl Lang Lasyans : gwo chita pale fèt nan otèl El Rancho

0
1451

Kreyòl Lang Lasyans

Mèkredi 25 me 2022 ((rezonodwes.com))–

Kreyòl Lang Lasyans se sou tèm sa a yon gwo chita pale fèt nan otèl El Rancho, nan jounen 25 me 2022.

Konferans deba sa a sou enpotans Kreyòl la ki se yon zouti pou fè Lasyans vanse rive fèt nan tèt kole MIT-Ayiti, Ajans Vasca de kooperasyon pou devlopman, ak sipò Ministè Edikasyon ak Fòmasyon Pwofesyonèl ansanm ak Anbasad lespay ki finanse aktivite sa a.

Anpil gwo Pwofesyonèl, espesyalis nan lang, kad nan ministè a ak etidyan nan inivèsite patisipe nan chita tande sa a.

Depi Dondon nan Nò peyi kote li te nan vizit, Minis MANIGAT te pran lapawòl e salye aktivite sa a ki byenvini nan jefò ministè ap fè pou kreyòl la jwenn plas li totalkapital nan aprantisaj timoun yo nan premye ane lekòl la.

Minis lan ankouraje tout inisyativ konsa k ap pèmèt nou vanse pi devan ak lang kreyòl la ki soude tout ayisyen kòm zouti pou kominike youn ak lòt.

Pou minis la, lè ayisyen pi byen metrize lang manman l, kreyòl la,lap pèmèt li aprann pi byen lòt lang ki nan mond sitou sa ki nan anviwonman imedya Ayiti yo.Profesè Michel Degraff youn nan responsab MIT-AYITI ak Rogeda Dorcé Dorcil, prezidan Akademi kreyòl, salye aksyon ak denye travay ministè a ap fè koulye a nan kore kreyòl la pi byen nan lekòl yo e defann pwodiksyon materyèl didaktik nan lang kreyòl.

Minis MANIGAT di li kwè patenarya MENFP ak plizyè enstitisyon ap pèmèt nou vanse pi byen e reyisi tout inityativ pou kore kreyòl la pandan nou dwe rete louvri, dapre li, ak tout lòg lang ki kontribye nan fè vanse Lasyans nan mond lan.

MENFP

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.