« VA » ak « VAR » ap vale teren

0
72

Mercredi 20 avril 2022 ((rezonodwes.com))–

Nou siyale sa deja nan plizyè tèks nou pibliye: kapasite pèp haytien genyen pou envante, transfòme epi adapte li fas a divès sitiyasyon ki parèt devan li se yon eleman ki atire atansyon chak jou pi plis. E sa dwe yon preyokipasyon pou chèchè nan domèn sosyoloji, lengwistik, kominikasyon, elatriye..

Jodi a, n ap gade kijan mo « VA », « VAR » pran divès sans nan sosyete haytien an.

Mo VA te deja tabli kò li byen fon nan kilti nou, nan pratik nou, nan kotidyen epi nan echanj nou gen ak moun. Menm si VA pa pote menm chaj semantik ak lòt « VAR » ki fenk ap antre nan sosyete nou an, men nou pral montre tou kèk kote de (2) VA / VAR yo ka kwaze.

Premye « VA »  n ap abòde nan tèks sa senbolize souvan yon pinga, yon entèdiksyon pou yon moun fè oubyen pa fè yon aksyon, yon menas, yon defi, yon mizangad, kidonk, moun nan ba ou VA. Egzanp: (mwen ba w « VA » pou w mete pye w Repiblik Dominikèn apre Dominiken fin masakre tout konpatriyòt nou sa yo!) Oubyen, (mwen ba w VA pou w pa ale Pòmago demen.) Haytien te deja abitye ak espresyon sa e yo konnen sa li vle di. Nan plas VA sa nou ka mete DEFI. (Mwen ba w DEFI touche Bib mwen an= mwen bay VA pou w touche bib la!).

Dezyèm sans VA genyen. VA ka senbolize madichon tou. Paregzanp: (Michèl sanble gen VA nan bouda l wi depi li ka gen kè pase Matisan oubyen Andre sanble gen VA nan kò l si m wè li antre nan lakou sa. » Nan premye egzanp lan, nou wè kijan VA ka kwaze ak VAR. Se tankou Michèl gen VA / MADICHON si li gen kouraj al pase nan VAR/MATISAN. Premye VA = MADICHON; lòt VAR = ZÒN DANJERE /MATISAN. Kidonk, ni Andre ni Michel, tou de (2) sanble gen madichon si yo rive poze koulè aksyon sila yo. Gen granmoun ki pale de POUSE. Mouche sa sanble gen yon pouse nan kò li. Pouse=VA=Madichon=Giyon=Pichon.

Kounye a, an nou gade « VAR » oubyen « VA » an kreyòl haytien. VAR sa se yon sistèm FIFA antre nan zafè  abitraj nan Foutbòl pou ede Abit yo wè kèk detay je pa ka byen wè. Apre aksyon, paregzanp, abit la ka ale nan VAR pou gade si gòl la pa gen yon erè ladan. Souvan, nou konn tande fanatik yo di: (Abit la ta dwe al nan VAR pou li gade si aksyon sa pa gen fot. »

Yon lòt sans, lòt chaj semantik « VAR » FIFA ap pran nan sosyete haytien an. (Vaval abite Kafou l ap travay Dèlma. Chakjou, li oblije pase nan « VAR, VA » pou li vin travay.) Oubyen, (gade kijan Leta haytien pa respekte lavi moun. Sa gen 2 zan, pou yon malere ale nan Sid, li oblije pase nan VAR/VA.) Kidonk, Matisan vin tounen yon zòn malèpandye. Nan sans sa, yo itilize mo VAR / VA pou esprime: danje, malè, zòn danje, espas lanmò, zòn tètchaje…

Yon moun ki deside pase Matisan, se deside fè fas ak VAR / VA. Se espoze lavi fas a bandi ki ka louvri katouch sou moun, moto, machin, elatriye. Lapolis bay zòn sa legen. Dayè, Lapolis te bezwen ale Okay pou al siveye byen boujwa ak ayewopò Okay la se nan chimen dekoupe yo te pase. Sa vle di, nan VAR/VA Matisan menm otorite Leta nan kanpe lwen. Nan sans sa, VAR/VA Matisan kz siyifi DEFI, MEN M KRACHE VIN PILE L.

Se yon gwo DEFI bandi yo bay Lapolis ak tout otorite nan Leta. Bandi yo di Leta: (Nou ba w VA mete pye w Matisan (yon VA) ki anba je tout Anbasad, Leta, ONG, Nasyonzini ki dayè, reprezantan Nasyonzini te bat bravo pou federasyon gang yo an G9 li twouve ki se yon bèl aksyon.

Boutofen, ni VA ni VAR, yo chak pran yon sans suivan kontèks la. Sofke, nou wè gen yon pwogresyon semantik nan itilizasyon / izaj Haytien ak VAR FIFA.

Iléus PAPILLON
Prezidan Observatoire Patrimoine
observatoirepatrimoine.ht@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.