Prezantasyon pwogram detaye kèk disiplin yo anseye nan Sant Edikasyon familyal yo

0
967

Mèkredi 13 avril 2022 ((rezonodwes.com))–

Se Jodi madi 12 avril 2022 a, ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) òganize nan Petyonvil yon atelye kote l prezante Pwogram detaye kèk disiplin tankou kuizin, patisri, restorasyon ak endistri otèl yo anseye nan Sant Edikasyon familyal yo, yo te rele nan tan pase Sant Ekonomi domestik.

Tout moun ki te pran lapawòl nan kòmansman atelye sa a te mete anpil aksan sou enpòtans Sant sa yo, premye a te louvri pòt li nan lane 1947. Pi gwo objektif yo se amelyore kondisyon lavi moun k ap viv nan kouch defavorize yo – sila yo ki pa t ale lekòl ditou tankou sila yo ki pa t pase anpil tan lekòl, prensipalman jèn fi ak jèn dam -nan fasilite yo benefisye fòmasyon moral, pwofesyonèl, teknik epi klasik.

Nan ouvèti atelye sa a, Sekretè d Eta Alfabetizasyon an te fè konnen òganizasyon atelye sa a se alafwa yon zak politik e teknik. Madan Sandra Jacques Suzette Michel Saint-Georges estime gen ijans pou lòt enstans nan Leta a soutni edikasyon non fòmèl la k ap fonksyone nan gwo difikilte.

Sekretè d Eta rete kwè aktivite sa a fèt nan yon bon moman kote gen bon jan dispozisyon k ap pran pou fasilite mizannèv Politik nasyonal Alfabetizasyon an, men tou mizannèv Politik Edikasyon non fòmèl la tout aktè ki konsène yo gen tan mete yo dakò sou sa. Pwofesè Auguste D’Meza, ki te pran lapawòl nan non minis Nesmy Manigat, te atire atansyon tout asistans la sou kalite travay moun ki diplome nan Sant Edikasyon familyal yo ap fè.

Yo pa aprann li ak ekri sèlman, yo fè pati kategori moun anndan peyi a k ap transfòme lavi, daprè sa li di. Auguste D’Meza bay garanti ministè Edikasyon nasyonal ak Biwo Sekretè d Eta Alfabetizasyon an ap kontinye pote ansanm dosye sa a ki vize bay Sant yo lòt vizay epi rann fòmasyon an pi byen adapte ak reyalite peyi a.

« Jodi a n ap prezante pwogram detaye kèk disiplin tankou kuizin, patisri, restorasyon ak endistri otèl yo anseye nan Sant Edikasyon familyal. Se yon aktivite ki dwe pèmèt nou gade yon lòt fwa ankò fòmasyon k ap bay nan Sant yo, men tou chèche wè kòman nou kapab amelyoye kalite fòmasyon sa a pandan n ap chèche ranfòse Sant yo », se yon bout nan entèvansyon direktè Ansèyman fondamantal la te fè nan sikonstans la.Pou sa rive fèt, Kendy Nicolas gen konviksyon fòk tout aktè ki konsène nan Leta, tout patnè yo mete yo ansanm pou pote dosye sa pi byen, pi lwen posib.

Sou bò pa l, reprezantan UNESCO a nan aktivite sa a te salye volonte politik minis Edikasyon nasyonal la ak Sekretè d Eta Alfabetizasyon an pou fè Edikasion non fòmèl la antre nan yon lòt dinamik. Selon Jean Luc Tondreau, UNESCO ap kontinye bay tout akonpayman ki nesesè pou ale nan sans sa a.

Pandan tout atelye sa a, kèk monitris ak diplome te ekspoze plizyè nan travay yo reyalize. Pami yo, Marie Josee Vital ki sòti Ti Plas Kazo k ap travay depi karantan nan Sant Edikasyon familyal, Bertilia Blaise ki sòti Lilavwa ak Maudeline Thessier ki sòti Kwadèboukè te detaye bèl eksperyans y ap fè nan lavi a gras ak fòmasyon sa a.

Nan finisman atelye a, patisipan yo mete sou pye yon komite k ap gen pou travay pou finalize pwogram nan.Fòmasyon nan Sant Edikasyon familyal yo dire twazan. Se 147 Sant k ap fonksyone anndan peyi a : 52 nan Latibonit, youn nan Nòdwès, 21 nan Nò, 11 nan Nòdès, 8 nan Lwès, 8 nan Nip, 13 nan Sid, 2 nan Plato Santral ak 31 nan Grandans.

Biwo kominikasyon / MENFP

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.