Konbit : Solidarite ak RNDDH ki anba menas lanmò kriminèl PHTK yo

0
1687

Konbit Oganizasyon Politik Sendikal ak Popilè yo | Solidarite ak RNDDH ki anba menas lanmò kriminèl PHTK yo   

Konbit Oganizasyon Politik Sendikal ak Popilè yo denonse ak tout fòs li, menas lanmò kriminèl PHTK ak alye yo ap fè sou militan dwazimen RNDDH yo. Tout moun konnen, PHTK se yon kò mafya ki espesyalize nan fè krim san, vòl ak kidnapin. Nan sans sa a, nou pran oserye menas kriminèl PHTK yo ap fè sou militan Dwa Moun RNDDH yo.

Se poutèt sa, yon delegasyon KONBIT la te prezan nan RNDDH nan mitan jounen vandredi 8 avril la pou n manifeste solidarite nou ak ekip la ki anba gwo menas asasen PHTK yo ki ta dwe dèyè bawo pou divès masak yo fè nan peyi a. KONBIT la mande tout moun k ap batay, pou yo pote solidarite yo bay militan RNDDH yo k ap fè yon travay serye nan peyi a, k ap riske vi yo pou defann dwa pèp Ayisyen an.  

KONBIT la kontinye ap raple pou tout moun, remèd kriminèl PHTK yo se dechouke rejim nan. Se nan sans sa a, KONBIT la bat yon gwo bravo pou tout moun ki te pote kole nan gwo mobilizasyon 29 mas la.

Se pou sa, KONBIT la ap mande popilasyon an nan kat kwen peyi a ak nan dyaspora a, kontinye leve kanpe jouk nou jwenn bout rejim kriminèl PHTK a. Se pi bon fason pou nou mete yon bout nan masak rejim nan ap fè sou popilasyon an, nan piyaj y ap fè sou resous peyi a ak nan krim mafya PHTK yo ap fè sou moun k ap batay pou chanjman.

Viktwa se pou pèp k ap batay !

Pou Konbit la :

Josué MERILIEN 

Olriche JEAN PIERRE

Jean Paul BASTIEN

Guy NUMA

Yvens FAUSTIN

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.