Men kijan pou gouvènman redwi pri galon gaz la

0
1166

Men kijan pou gouvènman redwi pri galon gaz la

yon tèks Bobb Rousseau

Akòz ke li sibvansyone pri galon gazolin lan pou konsomatè yo pou l ka kenbe pri pou chak galon inifòm sou teritwa epi akoz de inplikasyon l nan kòmande, estoke ak distribisye l bay pomp yo, chak ane, leta aysyen akimile dè milyon de dola nan dèt ak defisi bidjetè.

Vandredi 25 mas 2022 ((rezonodwes.com))–

Anvan 2006, leta te konn sèlman fikse pri gaz la sou mache a. Li pa t nan pwosesis achte ak distribisye gaz bay anken pomp. Se estasyon yo ki te konn akonpli aktivite sa. Nan epòk sa, gaz la pat twò chè. Li koumanse vin pi chè an 2006 ak etablisman BMPAD kòm konpayi petwòl nasyonal pou santralize endistri petwòl la ann Ayiti.

BMPAD konpile kòmand gaz li resevwa de estasyon gaz yo epi li soumèt yo bay gwo konpayi petwòl lokal tankou PetroGaz ou Novum Energy Trading Corp). Yo mem, a travè apèl dòf, yo plase kòmand sa yo ak gwo rafinri etranje tankou BP, Shell, Chevron, Exxon Mobil pou yo achte gaz pou Ayti. Konpayi ki genyen apèl dòf la delivre gaz la nan twa pò nan kapital la ki se Varreux, Thor ak Martissant. BMPAD mem distribye l bay estasyon ki te plase komand yo. Jeneralman, se konpaji prensipal yo tankou Capital, DNC, Total, National oubyen Shell ki resevwa gaz yo nan pò sentral l yo pou yo ka pote l bay pomp yo. Ke se gouvenman kal distribiye l, ke se konpayi sentral yo ki vin pran l Varreux, Thor ak Martissant, se plis kòb depans kap fèt pou gaz la rive nan tout peyi a nèt.

Distribisyon sa a koute gouvènman Aysyen an anpil kòb paske li rekrite kamyon ak chofè pou al delivre gaz la nan tout peyi a. Li depanse plis pou kòb pou l fè gaz la rive Okay ke li depanse pou l fèl rive Leogane. E poutan, galon an vann pou menm pri a nan de vil sa yo. Pi lwen kapital la ou komin ye, se pi gwo depans ki fèt pou komin sa e poutan, tout moun peye galon ak mem pri kelkeswa kote yo ye nan peyi a. Chak galon gaz ke yon konsamatè achte, se plis dèt konsamatè sa kreye pou gouvènman paske leta peye pomp yo on lòt kòb ki rele sibvansyon pou galon an pa twò chè pou konsamatè sa ak rès pèp la.

Gras ak sibvansyon sa, konsomatè yo pa vreman konn pri reyèl on galon gaz paske leta aksepte fè dèt ak defisi pou l ka estabilize pri galon an sou tout etendi teritwa a. Konsomatè yo peye pri ki afiche nan ponp lan, men gouvènman an bay mèt ponp yo lajan pou vann galon an nan pri sa a. Depi 1993, endistri gaz lan afekte trezò piblik la negativman. Gouvènman pèdi plis pase $165M an mwayèn chak ane.

Pwoblèm nan pwogram sibvansyon nasyonal sa a se paske moun pòv ak rich peye galon an ak mem pri. Kidonk, gouvèman sibvansyone gaz la pou pòv a mem nivo ekonomik li sibvansyone l pou grannèg yo. Ou pa bezwen fè gwo kalkil pou w ka wè ke gwo biznis yo ap ogmante dèt gouvènman pi plis pase ayisyen ki nan klas mwayèn lan. Plis yo achte galon gazolin, se plis yo resevwa sibvansyon. Mas pèp la pa achte plis ke 30 galon gazolin pa mwa an mwayèn pandan ke moun rich ak gwo biznis yo achte omwen 500 galon pa kinzèn.

Santralizasyon endistri gazolin nan fè Pòtoprens tounen on sèl pwen dechèk nan devlopman ekonomik peyi a. Lè kapital la pa fonksyone, rès peyi a pa resevwa gazolin. Pou rezoud problèm sa, li nesesè  pou gouvènman mete sou pye plizyè konpayi gaz prive nan plizyè rejion peyi a. Yo ta pral komande gaz la pou zòn pa yo, resevwa gaz la epi distribye l bay estasyon gaz nan jiridiksyon pa yo. Sa tap retire nesesite pou gouvènman ap deploye kamyon pou al delivre gaz. Sa tap redwi tou sou pri galon an paske plis gaz tap rantre e mwens kob tap depanse pou gaz la rive jwen pomp yo.

Otorite lokal yo pap sibvansyone pri pou chak galon pou konsomatè yo. Tout Ayisyen pral peye pri ki parèt nan ponp lan men moun ki gen mwens reveni yo pral resevwa yon ranbousman pandan deklarasyon taks yo nan fen ane a. Yon konsomatè ki pa te deklare revni li pa ta resevwa yon ranbousman ke li ta kalifye kòm resevwa. Li tap enpotan tou pou gouvènman mete yon taks sou pri galon an e alinye sistèm sibvansyon an  avek revni individyèl yo. Taks sa tap rete nan komin lan e yo tap afekte ak on program sosyal pou developman local. O lie ke leta ta pral fikse on pri inifòm pou tout peyi a, li ta pral pito mete on tranch pri ke anken estasyon paka vann gaz la an deyò de tranch sa. Rezon sa, se pral paske tout konpayi rejyonal la pap peye gaz la a mem pri le achte l nan mem rafinri yo e paske yo pa depwaye mem nivo lojistik pou yo distribiye gaz la bay pomp ki afiliye ansanm ak yo.

Desantralize endistri pwodwi petwòl la ap diminye mankman oubyen rasyoman gazolin ki trè souvan anpeche mache a fonksyone. Li pral ranfòse kapasite otorite lokal yo pou yo ofri sèvis piblik pou rezidan yo. Li pral kreye plis djòb pou pèp la, li pral fè ekonomi an avanse, li pral ranfòse sektè prive a epi lap bay leta santral la opòtinite pou konsantre sou zafè ki ap afekte vi nasyonal la.  

Bobb Rousseau 
www.cecoyauniversity.com
www.medicpam.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.