Mgr. Mésidor | Mesaj pou antre nan Tan Karèm ane 2022 a – « Tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! »

0
1932


« Tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! » (Jo 2, 12)

Frè m ak sè m yo,Ti bagay n ap chwazi nan fènwa, Bondye pa vle sa

1- Legliz sou tout fas tè a antre nan Karèm nan pandan nou nan kontèks sinòd sou sinodalite a, ki montre jan li se yon Legliz ki pran konsyans travay misyonè a ap reyalize nan enplikasyon ak patisipasyon tout Pèp Bondye a.1 « Fè sinòd, se mache ansanm »2 e Karèm nan se tan kote n ap mache a menm.

Nan Tan fò sa nan ane litijik la, Legliz la jwenn lòd pou li mache, pou li refè wout Pak la ak Kris la. Mach sa ap dire karant jou. L ap envite nou pou nou reviv eksperyans karant lane Pèp la te fè ap mache nan dezè a anvan li rive nan peyi Bondye te pwomèt li a. L ap fè nou sonje menm jan tou, karant jou Jezi te pase nan dezè a, nan lapriyè ak fè jèn, anvan li kòmanse misyon piblik li.

Depi premye dimanch Karèm nan, litiji a endike nou ak yon fèm koviksyon, sa karant jou apre mèkredi lèsann yo ye. Se poutèt sa, antan n ap lapriyè nou di : « Avèk lanmès sa, Granmèt, nou kòmanse mache pou nou rive nan fèt Pak yo. Fè kè nou tonbe dakò tout bon ak sa n ap ofri yo ».

2- Karèm nan se pa yon kantite aksyon ki bon nou dwe poze. Karèm nan se yon tan favè;
Bondye ban nou li pou nou reflechi pi byen sou ki direksyon nou bay kè nou. Se pou sa, nan tan Karèm nan, Bondye sitou pale ak kè nou : « Se pa rad sou nou pou nou chire, se kè nou menm pou nou chire… Tounen vin jwenn Granmèt la, Bondye nou an » (Jo 2, 13). Mache pandan karant jou Karèm nan dwe enplike tout lavi nou, tout sa nou ye, pou nou gade byen ki chemen n ap swiv, yon jan pou nou retounen nan chemen ki mennen lakay la.

3- Li pa toujou fasil pou nou mache tounen vin jwenn Bondye. Pou pèp Israyèl la, karant lane li te fè ap mache nan dezè a, se te yon tan eprèv ak tantasyon. Tantasyon pou li regret zonyon li te konn manje yo, pou li kase tèt tounen dèyè, pou makònen lespri l ak souvni dantan yo, sa ki te ka menm fè l sispann mache pou l rive jwenn libète nèt ale a, li te vle rete atache ak zidòl yo.

Pou nou menm tou, eske se pa konsa sa ye ? Lè nou deside mache, tounen vin jwenn Bondye, anpil fwa, atachman ak sa ki sal antrave demach nou yo ; nou pa ka avanse akoz nou makònen tèt nou ak anpil move tandans, akoz fo asirans nou genyen sou lajan, nan pouvwa ak bagay ki sipèfisyèl.

Pèp Israyèl la pa t ap mache pou kont li. Lè li t ap soufri, Bondye te konsole l epi oryante l ak pawòl li te mete nan bouch Moyiz, epi ak lòt mwayen ankò. Li te bay pèp la lama-n ak vyann zwazo pou li manje, epi li fè dlo koule nan gwo wòch Meriba a pou yo bwè (cf. Ekz 15, 22 –17, 7). Granmèt la t ap mache ak pèp li a. Li te akonpanye l san rete, li fè l konprann li pa dwe chèche sekou lòt kote sof nan li menm sèl Bondye : se konsa Bondye adousi kè pèp li a ki te di tankou wòch (cf. Dt 8, 2-5). Se nan fason sa, Bondye te fè pèp Israyèl la reflechi sou sans travèse li a ki te long anpil. Li di l : « Sonje tout chemen Granmèt la, Bondye nou an, te fè nou pran nan dezè a pandan karantan pou l te ka kraze lògèy nou, pou l te ka sonde nou, pou l te ka konnen sa ki nan kè nou, si tout bon vre nou te soti pou kenbe kòmandman li yo. Li kraze lògèy nou, li fè nou soufri grangou. Apre sa, li ba nou lama-n pou nou manje, yon kalite manje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t janm konnen. Li fè tou sa pou li te fè nou konnen se pa pen sèlman moun bezwen pou yo viv. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Granmèt la tou pou yo viv » (Dt 8, 2-3).

Granmèt la ap pale menm jan an avèk nou jodi a ; nou menm ki twouve nou nan pwòp dezè lavi pa nou, anba fatig nou santi ak chay pwoblèm chak jou yo, menm si Bon Dye
Papa a pa janm manke pran swen nou.

4- Frè ak sè m yo, an nou angaje nou pou nou mache ansanm. An n avanse pou nou rive nan fèt Pak yo avèk asirans Bondye ap lonje men l ba nou e l ap mache ak nou. An nou pran kouraj nou ak de men, menm jan ak Jezi Kri, lè li t ap monte Jerizalem nan : « Li te pran wout Jerizalem avèk kouraj » (Lk 9, 51)4. Finalman, se pou nou deside nou : « M ap leve, m ap tounen al jwenn papa m » (Lk 15, 18). An nou kase tèt tounen vin jwenn Bondye nan lapriyè.

An nou pran tan pou nou lapriyè tout bon vre, pou nou lapriyè ansanm, pou nou lapriyè youn pou lòt (Jk 5, 16). An nou kase tèt tounen vin jwenn Bondye nan jan n ap pataje. Se moun ki wout Bondye. Pataje sa nou genyen ak pwochen nou fè nou pran chemen pou n rankontre Bondye (dapre Mt 25, 40). Se pou nou gen kouraj pou nou pataje. Avan nou bay nan sa nou genyen, aprann tounen kè nou bò kote moun yo epi, aprann pran swen youn lòt. Legliz la ba nou karant jou Karèm yo pou nou chèche fè plis pwogrè nan sa nou ye kòm moun ak nan sa n ap viv kòm frè ak sè. Pap Franswa fè nou sonje « pèsonn pa kapab sove tèt li pou kont li, li pa posib pou nou sove tèt nou si nou pa sove ansanm ».

5- Nou pa yon bann moun yo mete youn pa youn, kòt a kòt ; se frè ak sè nou ye. N ap mache ansanm antan youn ap aprann koute lòt. San eksperyans youn tande lòt la, pa ka gen « mache ansanm ». Se Bondye an premye pou nou koute, nan pawòl li ak nan konsyans nou : « Ah ! Si pèp mwen an te vle koute m. Si pèp Izrayèl la te vle mache nan chemen mwen yo ! Anvan yo ta bat je yo, mwen t ap fè lènmi l yo wont, mwen t ap kraze moun k ap toupizi l yo [Ps 81 (80), 14-15]. Se pou nou youn aprann koute lòt, nan yon dyalòg sensè, san fent, san kout ba, san fè egoyis, san fè regadan. Pale ansanm fè nou vin pi moun nan relasyon yo epi ede nou depase sa ki fè nou youn pa rive konprann lòt. Nou bezwen dyalòg anpil ! Si nou youn te aprann koute lòt, se pa de pwoblèm nou ta rezoud deja ! Dyalòg kraze miray divizyon ak manke konprann, li patisipe nan konstriksyon lapè ak yon chenn solidarite ki chita sou respè ak fratènite.

6- Tan Karèm sa dwe aprann nou bay sa ki pi bon nan nou, nan bon jan jès n ap poze, tankou lapriyè, pataje, sèvi, koute epi pratike lajistis, bagay sa yo ki fè nou vin pi pre Bondye ak frè ak sè nou yo. Ti bagay n ap chwazi nan fènwa, Bondye pa vle sa. Rayisans ak pawòl mechanste nou yo, Bondye pa vle sa. Mete lòt sou kote, sèlman paske yo diferan, Bondye pa vle sa.

7- Frè ak sè m yo, mwen swete nou yon bon tan Karèm epi yon tan Pak 2022 ki pote kè kontan. Se pou tan konvèsyon sa fè nou vin tou nèf nan lafwa nou genyen nan Jezi Kri ki leve byen vivan, se pou l fè nou cho nan travay la kòm disip misyonè tout bon vre, epi pou chalè renmen an fè nou grandi nan tèt ansanm kòm frè ak sè. Se pou l pouse moun k ap dirije Leta a bay sitwayen yo lespwa nan jere byen piblik yo ak yon jan onèt, epi nan jan y ap montre aklè volonte pou fè peyi Dayiti tounen yon kote moun ka viv nan sekirite ak kè poze.

Se pou lavyèj Mari, Manman Legliz la, ede nou vin pi pre Pitit li a k ap fè nou vin pi moun, plis frè e k ap soude nou plis youn ak lòt.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.