Ayiti : yon pakèt ekriven ak atis frape pye atè pou di ASE! Ase grangou, ase lanmò, ase kidnapin, …

0
10083

POTE KOLE

Vandredi 18 fevriye 2022 ((rezonodwes.com))–

Noumenm ekriven ak atis ayisyen, nou voye yon kout lanbi bay sitwayèn ak sitwayen konsekan ann Ayiti tankou lòt bò dlo, pou nou mande yo melanje vwa yo ak vwa nou, pou nou pouse ansanm yon rèl soti nan zantray nou  ki di ase! Ase grangou, ase san, ase lanmò, ase kadejak, ase kidnaping, ase dlo nan je, ase fè nwa pou pitit tè a!

Move politik ak move gouvènans soti depi diktati Divalye an, rive jounen jodi a, vyole espwa nou, dechire rèv pèp la miyèt moso. Koripsyon se sèl kòk ki chante nan baskou dirijan ki mennen nou jounen jodi a nan bouch twou a.

Li klè pou tout moun relasyon Ayiti ak swadizan zanmi l yo deteryore depi kèk lane. Nou mande nan ki lòt peyi, jodi a, leta etranje yo mete diplomasi sou kote pou yo bay lòd sou rezo sosyo ? Ki lòt konplo kap fèt kont pèp Ayisyen an la a ?

Se sou Tweeter pèp la aprann reprezantan ONI apiye inisyativ makònen gang yo pou ranfòse tout malvèsasyon kap fèt nan peyi a. Se ekspè OEA ak Etazini ki pran pawòl sou Facebook e latrye pou entèprete konstitisyon pèp Ayisyen an nan jan pa yo, pou yo fini pa eksplike nou kilè manda Jovenel Moïse t ap fini. Se sou Tweeter reprezantan ONI remete yon minis demisyonè nan pòs li, pou l revoke aprè yon semèn e nonmen yon lòt.

Nou pa bezwen bay tout egzanp endiyasyon y ap fè nou sibi depi kèk tan nan fas tout moun. Jodi a pwoblèm nan ta sanble se yon zafè lejitimite. Nan non kilès Aryel Henry lejitim? Nan non moun ki te mete l yo ? Moun sa yo pa pèp la antouka.

Se fas a avani sa a yon bon pati nan sosyete sivil la deside pran responsabilite l. Sa l ap chèche se pa yon lejitimite konstitisyonèl – yon bagay ki enposib jodi a – ni se pa lejitimite rezo sosyo Madan Lalim, OEA ak anbasadè ameriken elatriye ap distribye pasi pala nan peyi a. Nou rann nou kont swadizan zanmi nou yo pran plezi pou yo kenbe n nan kawo yo mete nou an. Nan mitan kawo, se yon bagay tou nèf ki pou parèt pou kreye yon nouvo lòd.

Li lè li tan pou Ayiti jwenn chans li pou òganize tèt li, pou l deside sa k lejitimite l. Se pou rezon sa yo nou apiye fanm ak gason ki fòme akò Montana 30 dawout 2021 an, e k ap mobilize tout sektè anndan peyi a tankou nan dyaspora a san pran souf depi kèk mwa, pou yo reflechi, diskite, e pou yo wè ansanm pa kijan e pa ki mwayen yo ka ede peyi a soti nan kriz politik malouk li ye a. Demach sa a antre nan sans nou paske nou vle tande yon lòt pawòl, nou vle systèm lan chanje sou baz prensip otodetèminasyon tout pèp gen dwa reklame. Nou vle deside noumenm sa nou vle, sa ki bon pou peyi nou. Nou vle fanm ak gason pwòp, sa yo rele patriyòt yo, mete tèt ansanm pou kenbe denye ti souf peyi a, pou ba l fòs ak lanmou pou li ka leve kanpe ankò. Nou vle yon vre konferans nasyonal. Nou vle eleksyon san seleksyon, san laperèz. Nou vle pwosè Petrokaribe a fèt. Nou vle pou demen pitit nou ka viv lib e libè nan peyi a. Nou di Montana ankouraje, kontinye rasanble, lonje men bay fanm ak gason ki onèt, ki pwòp, ki renmen peyi yo. Nou di Montana kenbe prensip yo wo e san kilbite.

Men nou mande pou sa fèt nan yon tèt ansanm total kapital, san mete pèsonn sou kote. Pa gen yon gwoup ni yon sektè nan sosyete a ki gen solisyon pwoblèm yo pou kò l. Se fòs tèt ansanm nan ki pou kontinye avanse, ki pou grandi jis nou leve yon tsounami enèji pozitif. Sitwayèn ak sitwayen konsekan, nou chak ka pote patisipasyon nou. Travay la pa piti, wout la long anpil. Men nou se yon pèp ki te rive make istwa limanite nan yon moman ki te pi difisil. Annou pa janm blye sa. Annou pote kole pou n sove peyi nou !

Pòtoprens, 17 fevriye, 2022

Signataires :

Avin

Kettly Mars

Syto Cavé

Pierre Brisson

Lyonel Trouillot

Emmelyn Cantave

Jean Casimir

Laënnec Hurbon

Pierre Buteau

Cherlie Rivage

Edouard Legagneur

Eddy Guerrier

Max Kénol

Nono Morel

Robert Paret

Myrtho Casséus

Marcel Duret

Mélissa Béralus

Guy Cavé

Pierre Emmanuel

Carl Lafontant

Rachel Magloire

Mitzy-Lin Hyacinthe

Medhi Chalmers

Guy Régis Jr.

Eddy Guilloteau

Wooley Saint-Louis Jean

Tessa Mars

Elsie Suréna

Pascale Romain

Joseph J. Ferdinand

Evelyne Trouillot

Guy Tufau

Marc Sony Ricot

Paul Jean-Baptiste

Anthony Phelps

Ervenshy Hugo Jean-Louis

Frantz Voltaire

Andrise Pierre

Robert Berrouet Oriol

Eddy Prophète

Adlyne Bonhomme

Adelson Elias

James NoëL

Eddy Cavé

Henri-Gérard Brière

Marie-José Innocent

Ou ka siyen tou nan petisyon sa https://www.change.org/p/ayisyen-konsyan-ase-an-nou-bay-t%C3%A8t-nou-chans-deside-pou-ayiti-n-ap-kore-ak%C3%B2-montana?utm_source=share_petition&utm_medium=custom_url&recruited_by_id=e192d720-3662-11e5-adfa-17620c4cafab

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.