Lise Lasalin relouvri pòt li apre 3 lane fèmen

0
1707

Lendi 10 janvye 2022 ((rezonodwess.com))–

Ministè Edikasyon nasyonal anonse ke aprè 3 lane yo pase deyò, plis pase yon milye elèv retounen jodi lendi 10 janvye 2022 a nan lokal lise Lasalin la.

Lise a te fèmen depi apre yon masak gang G9 yo te fè sou moun k ap viv nan zòn nan pou tèt gang ki t ap jere zòn nan pa t vle danse kole ak rejim Tet Kale 2 a.

Majorite elèv ki frekante lise sa a soti nan katye tankou Pon-Wouj, Waf-Jeremi, Pòtay Sen-Jozèf, Chansrèl, Riyèl Desalin, Fò-Touwon, Fò-Dimanch, Tokyo, Anba-Bèlè…, dapre enfòmasyon MENFP pibliye.

Sou kont Facebook li, minis defakto Nesmy Manigat voye gwo kout chapou pou kominote Lasalin ki deside e mete men pou lekòl yo a fonksyone.

Anplis de pase men ki te fèt nan lokal la, minis Manigat te fè konnen ke teknisyen ministè a pase dimanch sa nan Lise a pou fini sal nimerik e laboratwa enfòmatik pou Anseyan e Elèv pa pèdi ane sa.

 »Bon retou pou ane lekòl 2022. Okenn kriz pa dwe anpeche elèv, etidyan pèdi yon jou. Kit se nan aktivite sosyal, kiltirèl, espòtif nan katye LaSalin , kit se Lekòl prezansyèl, kit se a distans, sou entènèt [No Tech, Low Tech, Hi Tech], #LekòlPaKaTann », minis Manigat ekri sou kont rezo sosyo li.

elev lise lasalin

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.