Timoun ki te gen Kowona gen plis risk pou fè maladi sik (dyabèt)

0
2049

Move nouvèl file kon flonn depi viris Kovid19 te lage alagouj nan kòfyèl lemonn

Samdi 8 janvye 2022 ((rezonodwes.com))– Timoun ki te pase anba viris Kovid19 la gen plis risk pou yo fè sik, dapre syantifik ki nan CDC, sant k ap kontwole maladi Ozetazini.

CDC te deja lage move nouvèl sa pou tout granmoun ki te enfekte ak nouvo kowonaviris la.

Sou kontinan Ewop la tou, otorite lasante yo fè konnen gen anpil timoun ki vin devlope dyabèt tip 1 ak 2, apre yo fin geri nan Kovid depi pandemi an kòmanse.

Etid CDC sa, se youn nan premye ki analize baz done reklamasyon asirans pou ka konprann prevalans dyagnostik dyabèt kay moun ki poko gen 18 lane epi ki te fè kovid apati premye mas 2020.

 »30%, se yon gwo ogmantasyon risk yo », dapre Sharon Saydah, syantifik ki te dirije ekip CDC a nan etid sa.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.