Pati Fizyon denonse yon tantativ sasinay sou PM Ariel Henry nan Gonayiv 1e janvye a

0
39

NÒT POU LAPRÈS

Lendi 3 janvye 2022 ((rezonodwes.com))–

Pati Fizyon Sosyal Demokrat Ayisyen yo kondane ak tout fòs li tantativ sasinay sou Premye Minis Ariel Henri ak tout delegasyon ki te akonpaye’l nan Gonayiv jou ki te 1e janvye 2022 nan okazyon selebrasyon 218èm fèt endepandans peyi a. Nap raple ke se yon dat senbolik ki tèlman enpòtan pou tout Ayisyen otantik, ke nou ta dwe pran angajman poun sispann jwe ak li, okenn pèp pa jwe ak istwa li paske se sa ki defini demen nasyon an.

Zak kriminèl sa revolte konsyans patriyotik nou. Pati a mande fòk tout fòs polis la ak tout fòs jistis la fè you sèl pou trake kriminèl ak tout akolit san fwa ni lwa ki enplike nan zak sa kòd penal peyi a rele « Crime contre la sureté intérieure de l’État ».

Fòk tout moun sa yo reponn devan jij natirèl yo. Pati a eksprime solidarite’l ak Premye Minis Ariel Henri epi ak manm delegasyon ofisyèl la.

N’ap deplore atanta sa ki lakòz lanmò   you sitwayen ak lòt viktim.

Fizyon koube’l byen ba devan kadav sitwayen sa epi prezante kondoleyans ak fanmiy li, zanmi li epi ak tout popilasyon latibonit la.

Nou apresye volonte Premye minis la manifeste poul kontinye dyaloge ak tout sektè epi envite yo patisipe nan batay kont ensekirite a.

FIZYON ap lanse yon apèl bay tout moun ki vle wè yon chajman nan peyi Dayiti nan 2022 a, pou yo vin chita ak moun ki nan Akò 11 septanb lan pou elaji konsansis kap pèmèt nou fè koupe fache ak ansyen sistèm lan tout bon vre ak vye pratik chyen manje chyen yo, poun refonde nasyon an epi ale nan bon jan eleksyon pou pèmèt pèp la chwazi lib ak libè moun li vle mete nan tèt peyi a.

FIZYON swete ane 2022 a ane kap pase nan listwa kòm ane tout Ayisyen te deside mete tèt ansanm tankou zansèt nou yo te fè sa, pou nou soti peyi Papa Dessalines kite pou nou an nan malisite.

Ayiti pap peri an nou dwe epi nou ka chanje sa !Viv Ayiti

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.