AprèDye Ariel Henry deklare ke lap met yon fren nan listwa « mounn kap pase otorite Leta anba betiz » !

0
3011

De ki otorite menm, mouche Ariel Henri pale la menm ? Eske se mesye dam sa yo ki pa rive ede mounn nan Sid, Sidès, Nip, Grandans…kap viv Potoprens jwenn yon chans pou al wè e swete fanmi yo la rezone ? Gèlè lè’w bwè twop soup joumou, li fè’w depale. Baboukèt’la tonbe depi 7 fevrye 1986 eli tonbe NET. Ke Dòk Ariel di dòktè-a ki maladi li soufri

Lendi 3 janvye 2022 ((rezonodwes.com))–Apre gwo la wont ak echèk nan fè tèt di ke’l te fèt sibi nan Gonaives kote li pat menm rive monte estann 17 wotè ke li te fè prepare pou li, Premye minis blan yo mete nan tèt peyi a, fè anpil menas nan yon diskou ke’l te bay nan Mupanah devan anpil mounn ki tap fè bri tankou se yon mache pwason mize-a te tounen.

Dòk Henri, san’l pa di ki mwayen lap met sou pye, anonse gen anpil mank dega kont chèf ak dosye koripsyon e krim e kidnapinn, ke pyès atik Kontitisyon an pa rekonèt, e ki pase devan Palman-an, pral fini ane sa.San jwèt plezantri pa ladan’l, mouche Henri deklare ke « Map fè tout mounnn sa yo konnen ke move plezantri sa yo vle pa vle gen pou yo fini« , epi li presize ke « Mounn kap pase otorite Leta anba betiz yo » ki pou jwenn ak zo gran’n yo.

Konsa, minis ke dosye yo revele ke li te fè prizon anvan yo vinn fèl chèf nan yon gouvènman kowonpi, tankou nèg la Jistis la, pou PM Ariel Henri, nouvo ApreDye, se rete bouch fèmen « pagen plezantri nan sa ». Sata vle di tou ke minis ke non’l site nan kidnapinn yon pastè pou zafè kwis se ta yon dosye ki tou fèmen. Se tap menm jan a tou pou yon’n nan minis de fakto yo ki pa menm kali yon diskou an franse. Ariel tou louvri chante pou madigra mal maske kèlke swa lè’l gen pou fèt’la « san plezantri ».

Dòk Henri pa dakò tou pou la près ap bay « bandi » mikro. Malerezman espesyalis sèvo a pa rive fè distenksyon ant bandi ak sapat e bandi ak kòl pami yo sak gaspiye lajan leta pou fè yon estann pou gran mèsi nan Gonaives kote PM lan pat menm ka rive pwoche premye janvye a.

An tou lè ka, rejim PHTK3 sa ke Andre Michel ak Edmonde Beauzile ap soutni an, ap montre grif li de tanzantan pou’l pase dwa mounn anba pye pandan jou premye janvye, Fèt Lendepandans lan, li menase dwa sitwayen yo pou yo pa pale sa yo wè.

Mouche Henri mèt sote ponpe, paseke gen jounal ki sòti nan près lib, ki pap pran kòb anba tab, eki pap mete an koz pyès aki « 7 février 1986 » yo, kap kontinye pran reskonsablite yo. Pagen konsesyon sou Konstitisyon 29 mas 1987 la. Yon minis de fakto kap fè betiz, ap vòlò lajan leta, non’l ap site nan krim, nan tete lang ak bandi, nan prepare eleksyon pike kole ak yon dal lòt malpwòpte… enfòmasyon sa yo pap kache.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.