Ann suiv tras zansèt nou yo pou nou bati yon Ayiti ki granmoun tèt li

0
2022

Deklarasyon angajman, premye janvye 2022

Ann suiv tras zansèt nou yo pou nou bati yon Ayiti ki granmoun tèt li

Premye janvye 2022 a fè 218 lane depi zansèt nou yo te kase chenn lesklavaj nan yon revolisyon anti esklavajis, anti kolonyalis ak anti rasis. Malgre fèb mwayen zansèt nou yo te gen nan men yo, konviksyon yo, nivo òganizasyon yo ak estrateji yo te pèmèt yo kale pigwo lame ki te gen sou latè nan moman an ki se lame fransè a. Ak revolisyon 1804 la, zansèt nou yo te kite pou nou yon peyi ki granmoun tèt li.

Men, revolisyon libète byennèt la te koumanse pran souflèt marasa depi nan zak sasinay papa nasyon an Janjak Desalin, pase pran dèt lendepandans lan pou rive nan premye okipasyon ameriken nan peyi a ki te koumanse ofisyèlman nan dat 28 jiyè 1915.

Soti sou Christophe Colomb pase pran kolonizasyon esklavajis la pou rive nan dominasyon Ameriken an ki kontinye jouk jounen jodi a, pisans Ewopeyen yo ak enperyalis Ameriken, pa janm sispann prije fòs travay nou yo epi piye richès nou gen anwo tè a, anba lanmè ak anba tè a.

Depi nan moman okipasyon 1915 lan pou rive jouk jounen jodi a, peyi a anba kontwòl enperyalis Ameriken. Se enperyalis la ki koupe rache swa dirèkteman osnon anba kouvèti Nasyonzini. Se enperyalis meriken ki wete mete prezidan nan tèt peyi a, kit se nan eleksyon, kit se nan koudeta, kit se nan tranzisyon kontinite. Jounen jodi a, dominasyon enperyalis meriken ak boujwazi piyajè a mete peyi a tèt anba. Ensekirite ak kidnaping deta, grangou, chomaj ak kòripsyon ap taye banda.

Sèlman nan lane 2021 an, mafya lokal ak entènasyonal yo sèvi ak gang yo ki se bra ame yo, pou kidnape plis pase 1000 moun. Menm dwa pou nou sikile ap chape nan men nou. Dyaspoara a paka rantre nan peyi a. Moun ki nan Kapital la gen gwo tèt chaje pou al wè fanmi yo ki nan vil pwovens yo. Li lè li tan pou sitiyasyon sa a kaba. Li lè li tan pou se noumenm pèp Ayisyen ki chwazi moun nou vle pou dirije noua k wout nou vle pou peyi nou pran.

Douvan sitiyasyon malouk sa a, noumenm ki se yon gwoup òganizasyon ak pati politik k ap batay pou yon tranzisyon koupe fache, nou pran angajman pou nou :

  • Kontinye batay pou rejim kriminèl PHTK a kaba
  • Kontinye batay kont enjerans ak dominasyon etranje nan peyi a. Diplomat Ameriken yo ak Nasyonzini dwe sispann chwazi moun yo vle mete nan tèt Leta a nan plas pèp Ayisyen an
  • Travay pou relanse lit la apati mwa janvye a kont dominasyon, kont dirijan restav èk, kont ensekirite, grangou ak chomaj
  • Batay pou pèp Ayisyen an jwenn reparasyon nan men Lespay, Lafrans ak Etazini pou dega yo fè nan peyi a ak richès nou yo piye.

Pou tout rezon sa yo, nou mande :

  1. Pou Konsèy Nayonal Tranzisyon (KNT) ki nan akò 30 dawout Montana a chwazi anvan 7 fevriye, yon nouvo prezidan ak yon nouvo premye minis ki gen ase lejitimite pou dirije peyi a epi konbat ensekirite, grangou ak chomaj
  2. Pou òganizasyon konsekan ki pa trayi lit pèp la leve kanpe nan kat kwen peyi a pou dechouke ekip mafya ki nan tèt Leta a, ki jwenn sipò mafya entènasyonal yo

Pèp ki ini, pa janm pèdi batay !

Aba tranzisyon kontinite !

Viv yon tranzisyon koupe fache tout bon !

Oganizasyon ki siyen yo

  1. Mouvman Pou Libète, Egalite ak Fratènite tout Ayisyen (MOLEGHAF) / David OXYGENE
  2. Centrale Nationale Des Ouvriers Haïtiens (CNOHA) / Dominique ST ELOI
  3. Konbit Oganizasyon Politik Sendikal ak Popilè / Josué MERILIEN
  4. Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen / Origène LOUIS
  5. Altènativ Sosyalis (ASO) / Jean Hénold BUTEAU
  6. Latibonit Kanpe Pou Ayiti (LAKAY) / Rigaud VĖLUMAT
  7. Mouvman Revolisyonè pou Liberasyon Mas yo (MORELIM) / Nelio PETIT-HOMME
  8. Konfederasyon Vodou Nayonal Entènasyonal Revolisyonè (KVNER) / Samy JEAN  
  9. Konbit Ayisyen Pou Lojman Altènatif (KAYLA) / Reyneld SANON
  10. Kowalisyon Chofè Moto Legal (KCML) / Jocenel CIVIL
  11. Fanm Vanyan K ap Lite pou Souverènte Ayiti / Francia FELIX
  12. Antèn Ouvriye / Reginald JULES
  13. Platfòm Oganizasyon Pou Ideyal Boisrond TONNERRE (P.O.I.B.T) / Hugues-Kapè MONDESIR
  14. Mouvman Popilè Lakou Lakay / Clovesky A. Gerald PIERRE
  15. Rasin Makaya Ayida Feray / Fedner JOSEPH
  16. Mouvman Mas Revolisyonè (MMR) / Ronel JACQUES

Pou otantifikasyon

David OXYGENE                                                    Josué MERILIEN

    Francia FELIX                                                         Dominique ST ELOI

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.