Florida – Etazini : Ameriken arete yon jenn ayisyen, Valesky Barosy, pou vòl ak blanchiman lajan. Li riske pran 132 lane prizon

0
5451

Mèkredi 29 desanm 2021 ((rezonodwes.com))– Lavi Valesky Barosy nan Mayami se te wololoy. Barosy pa konn kouri ti machin wòwòt, se Lamborghini Huracán EVO ak avyon prive ki sèvi li kòm pye.

Sou entènèt menm, misye se dlo li mete nan bouch 110 000 folowè li yo sou Instagram. Tank li fè moun konprann l ap byen mennen.

Ti jennonm 27 lane a toujou prezante tèt li tankou yon jenn ayisyen ki fè gwo siksè Ozetazini malgre li gen sèlman 10 lane depi li kite Ayiti. Li mache di konpayi li gen 3,6 milyon chif dafè.

Men sèvis sekrè bare misye nan monte anak, e lajistis meriken fè arete misye sou akizayon vòl ak blanchiman lajan.

Ansanm ak konplis li yo, Balesky Barosy rive prete 2,1 milyon dola nan pwogram PPP gouvènman te met anplas nan lane 2020 a.

Jodia, otorite yo te trennen Barosky devan jij. Si finalman yo jwenn li koupab de sa yo repwoche li, misye riske kondane pou pase 132 lane nan prizon.

Sa vle di yon lavi antye ak degi.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.