Ayiti : Janvye anvan Nwèl

0
4343

Dimanch 26 desanm 2021 ((rezonodwes.com))– Ariel Henry pa konn nan ki ane nou ye. Eske se 2013, 2012, 2011 oubyen 2021 ki pral travèse nan 2022.

Sa pa biznis doktè a.

Ministè Lakitli pa konn ki jou ni ki dat fèt Nwèl tonbe ane sa. Li lanse Konkou Nwèl apre nwèl. Se 31 desanm 2021 pou atis ak ekriven ole voye zèv yo bay ministè ke … Ariel ap dirije a.

Ou pa wè nou mele lepèp!

Gouvènman manfouben an pa wè ditou nan gwo linèt li si nou egziste, sof lè li lonje bòl ble devan blan pou pouvwa ak lajan.

Nan diskou Nwèl PM nan, se fandòm ki priyorite, se seleksyon ki lanpatèt.

Gouvènman pa tande sa ki te pase nan ONI. Si paske yo ranplase yon fonksyonè, ekip li sabote yon enstitisyon, eske lasosyete pa konprann jean ekip sa tap manipile bazdone pou moun pa li vare sou pouvwa nan eleksyon pike kole?

Ak Dermalog, se rezilta anvan vòt paske joumou pa konn donnen kalbas!

Gouvènman manfouben an tou pa wè gwo jou 24 desanm moun mouri pa makòn nan Matisan anba men bandi ki pran zòn sa pou jaden yo.

Pou yo 24 desanm pa lavëy Nwèl, Joudlan pa kòmansman lane…

Granpapa ta di : Gouvèman manfouben met ak bandi tewowis pou fè pèp la wè Janvye anvan Nwèl!

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.