Tranzisyon ak Gouvènman kowalisyon se lèt ak sitwon

0
2454

Madi 7 desanm 2021 ((rezonodwes.com))– Senk (5) mwa apre zak sasinay sou prezidan Jovenel Moïse la, peyi a kontinye kous li nan latwoublay, lavichè ak ensekirite kote gang kriminèl, ke pouvwa Tet Kale a te federe, toujou ap mete lanmò nan mitan fanmiy yo.

Pou eseye byen chita pouvwa li, Premye minis defakto Ariel Henry, kominote entènasyonal la te chouke nan tèt peyi a, san mande Ayisyen sa yo vle, rale bò kote li plizyè majò jon opozisyon bout di kou mòlòlò.

Pou anpil moun k ap swiv dewoulman aktyalite a nan peyi a, se yon aksyon pou fè tan pase, paske sa p ap ka pote solisyon nan touman pèp Ayisyen an.

Okontrè, kowalisyon PHTK 3 a montre ke konviksyon pa souvan sa ki dirije moun k ap fè politik ann Ayiti.

Gouvènman kowalisyon PHTK 3 a ka gen yon gwo konsekans sou moral popilasyon an ki chak jou pi plis ap pèdi konfyans nan lavni peyi a ak nan lidè ki te ka mennen li sou wout lavimiyò.

Se pa yon sekrè pou pèsonn. Tranzisyon pa konn reyisi ak pati politik. Lè pati politik separe ministè, yo boure administrasyon piblik la ak militan epi chache mwayen pou prepare eleksyon ak lajan leta, materyèl leta.

Aksyon sa yo se detounman fon ak mateyèl, koripsyon ak nepotis. Sa mennen tou dwat nan echèk paske enstitisyon yo vin pa ka bay pèp la sèvis.

Se gouvènman sali piblik ki gen ladan l sitwayen, fanm ak gason, ki se teknisyen konpetan, serye, pwòp epi ki aji san patipri, ki dwe pran direksyon yon tranzisyon tout bon ak yon fèy dewout aktè sosyal ak politik yo dakò ak li.

Nan sans sa, sitwayen sa yo ka vin tounen yon abit ki pral remete sou pye enstitisyon ki kraze yo.

Yo gen plis posibilite pou prepare teren pou reyòganize klas politik la, lanse kanpay sivik, eep kreye espas pou lidè politik yo ka mobilize popilasyon an dèyè ideyoloji yo ak pwogram yo, epi ale nan eleksyon ki fèt nan bon ti mamit.

Bon tranzisyon pa la pou apeze pòch ak pwòch lidè ak pati politiik.

Bon tranzisyon la pou tabli bon règ kwèt san fòs kote, pou eleksyon kote tout kandida gen menm chans, kote chak sitwayen ka konprann aklè sakapfè yo e ka vote lib e libè san presyon fòs lajan e nan kè poze.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.