Ayiti : 10 sénatè initil yo mande pou yo kontinye touche chèk san travay pandan yon lòt ane ankò

0
4758

Jedi 2 desanm 2021 ((rezonodwes.com))– Chak jou k ap pase e ki mete nou pi pre dezyèm lendi janvye a, Joseph Lambert ak lòt kòlèg li, yo chak jou pi plis, gen kè sou biskèt.

Depi kèk semenn dayè, diskisyon pa sispann fèt sou rezo sosyo yo ak sou medya tradisyonèl kou nimerik. Tout moun ap mande kisa ki pral fèt nan jou k ap lendi 10 janvye 2022 a.

Pou majorite moun ki bay opinyon yo, li pa posib pou 10 mesye sa yo rete lakay yo ap touche salè, frè, epi benefisye yon pil ak pakèt avantaj san yo pa itil peyi a nan anyen, paske depi 2020 palman an bloke pou kowòm.

Gen moun menm ki panse senatè yo ta dwe wont, pandan ke pwofesè, ouvriye vwari ak lòt anplwaye pa menm ka touche pou travay difisil yo ap fè chak jou.

Pou ansyen senatè depatman Nip la, Francener Denius, manda 10 senatè initil yo ap bout an janvye paske pou li, konstitisyon an mande ke chak 2 lane, 10 senatè dwe retire kò yo wè pa wè.

Denius raple ke sa pral gen 2 lane ke gen yon pati nan sena ki te ale. Ki donk, an janvye yon lòt pati dwe kite pou konstitisyon an ka respekte, paske lalwa la pou tout moun.

Men, tankou lòt senatè ke Jovenel Moïse te pimpe deyò nan sena nan lane 2020 an, Lambert ak kòlèg li yo di yo pap fè yon pa kita yon pa nago, paske mande yo se 6 lane li ye, san wete san mete.

Eske Ariel Henry, tankou ansyen Apredye, ap fè yon tweet a minwi tapan pou di 10 meyse yo babay oubyen se pèp la k ap soti pou rele aba senatè?

Se demen ka pale di sa ki pral pase!

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.