Jovnelis move kou kong, yo avèti yo pa nan separasyon gato Ariel la

0
4058

Apre premye minis de fakto ki soude ak Martelly a, Ariel Henry, mete deyò 2 gwo pilye jovnelis nan pouvwa li a, Rasanbleman Jovnelis pou demokrasi (RJD) voye pye. Yo deklare yo pa gen okenn tranch gato pouvwa nan men yo

Vandredi 26 novanm 2021 ((rezonodwes.com))– Rasanbleman Jovnelis yo pou demokrasi (RJD) salye laprès an jeneral ak tout popilasyon ayisyèn nan. RJD ap kontinye batay epi mande jistis pou Prezidan Jovenel Moïse mèsenè lokal ak etranje asasinen lakay li 7 jiyè 2021 an.

Depi dat sa a, asasen yo kontinye antann yo nan tèt leta a pou separe pouvwa, kanpe an kwa pou Prezidan an pa jwenn lajistis epi pèsekite mun yo idantifye ki pwòch defen an ki ap mande jistis pou li.

Pèp ayisyen rive byen konprann batay prezidan an se te batay pa li pou l te rive jwenn yon demen miyò nan onè, respè ak diyite. Nan sans sa a n ap denonse separasyon ouvwa premye minis Ariel Henry ki sispèk nan krim 7 jiyè a fèk fè la a nan konplisite ak atoufè parèy li yo. Nou pote yon demanti fòmèl ak tout traktasyon ak divèsyon kap fèt sou non Rasanbleman Jovnelis yo pou demokrasi (RJD).

RJD ap fini pou di popilasyon nan 4 kwen peyi a pou li rete je kale, mobilize pou batay la kontinye jiskaske lajistis rive rekanpe sou 2 pye l epi mare tout bandi ki enplike nan kò asasinay ki fèt sou prezidan an ak sou tout lòt konpatriyòt ki tonbe preske nan menm kondisyon yo.

Jistis pou Ayiti ! Jistis pou Prezidan Jovenel Moïse! Batay pèp ayisyen an pap kanpe!

Image

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.