ORDEDH egzije yon ankèt Jidisyè sou masak Ravin Pentad 21 septanm nan

0
1458

KOMINIKE

2 Mwa aprè masak 21 septanm 2021 an nan katye RAVIN PENTAD, ORDEDH egzije yon ankèt Jidisyè.

Depi kèk tan, popilasyon sivil la pa sispan’n viktim move konpòtman lapolis, nan bat moun, tiye moun, fe masak, kowalisyon ak bandi, elatriye. Kote lavi ki se youn nan pwen esansyèl dwa moun, pa vle di anyen pou yo.

Popilasyon an lage poukont li, lè li sibi agresyon, abi, ak vyolans anba men lapolis, li pa gen oken’n rekou pou li fè dwa li respekte.

Leta ki gen devwa pou fè dwa popilasyon an respekte, pa mete oken’n mwayen pou fè prevansyon, ni pou akonpaye viktim lè  dwa yo arive vyole.

ORDEDH konstate 2 mwa aprè masak lapolis te rive fè sou jèn atis yo nan katye RAVIN PENTAD, ki fè aktyalite nan près nasyonal ak entènasyonal, otorite ki nan piwo nivo nan leta a pa sòti menm yon ti nòt pou kondane sa ki te pase a, epi egzije bon jan ankèt lajistis. Konpòtman sa yo montre nou aklè ke lavi moun pa vle di anyen pou otorite ki nan leta a.

Yon masak ki te rive pote ale 13 kretyen vivan ak plis pase 29 lòt blese, kote pandan group atis ki rele NEW WAVE tap anrejistre yon mizik ak videyo ki gen pou tit « SA LAPOLIS DI SE PA SA BONDYE DI » epi lapolis te rive ouvè kout bal sou foul la ki pat reprezante okenn danje pou fòs lòd yo. Yon zak tout sosyete a te rive kalifye kòm yon krim ki pa gen parèy.

ORDEDH sezi we jan otorite nan lapolis yo pa pran lavi moun pou anyen, 2 mwa depi otorite nan lapolis yo te deklare yo ouvè yon ankèt pou eklere popilasyon an sou sa ki te rive a, fanmi, zanmi ak viktim yo toujou bezwen jistis.

Plizyè nan viktim yo toujou pa konnen ki sen pou yo adrese, se tray jèn gason JACOB JEAN ki toujou ap soufri ak yon bal nan nivo Janm li paske doktè di li pa kapab opere nan peyi an paske li ap pèdi janm lan si sa ta rive fèt ayiti.

ORDEDH pran nòt pou otorite yo ki nan lapolis la, ki pa jan’m pran oken’n mezi lè polisye yo fè ekse pouvwa sou popilasyon an. Kote polisye sa yo toujou jwi enpinite a nan tout entegralite li, san yo pa gen pou yo ran’n oken’n moun kont. Epi fè pwomosyon pou zak vyolans.

ORDEDH pwofite yon lòt fwa, prezante senpati li bay fanmi, zanmi viktim masak 21 ak 22 septanm pase a nan katye Ravin Pentad. li pwofite okazyon sila pou li mande ak enstans ki piwo grade nan lapolis la pou yo fè tout dilijans pou bon jan ankèt mennen pou idantifye, rechèche, arete epi fikse responsabilite chak moun ki te patisipe nan masak sila.

Pòtoprens 21 novanm 2021

Darbenzky GILBERT                                                                                      
Direktè Egzekitif                                                                                       

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.