Popilis se yon danje, yon pwazon vyolan pou demokrasi

0
1748

Lendi 22 novanm 2021 ((rezonodwes.com))– Popilis, dwat ou gòch, se yon diskou dwategòch ki chita sou kritike sistèm nan ak reprezantan li yo pou tòytòy sèvo ti pèp la.

Apwòch politik sa, ki chanje vizaj kèk fwa, gen tandans mete fasafas pèp la ak elit politik, ekonomik ak medyatik yo, nan yon sans demagojik, pandan yap fè pwomosyon pou on pakèt ak dividal solisyon senplis ki anpil fwa pa kanpe sou anyen.

Popilis yo toujou flate opinyon pèp la nan sans enterè pèsonèl yo, e anpil fwa diskou sa debouche sou vyolans, divizyon ak rayisman. Popilis yo toujou bat lestonmak yo fè konprann se yo ki gen solisyon e se yo sèl ki gen dwa pale e aji.

An jeneral, popilis yo entoleran, yo rayi kritik e yo itilize anpil mwayen kominikasyon pou eseye sal imaj moun ki anfas yo. Yo pwofite de relachman sitwayen yo nan zafè politik pou yo deklare tèt yo sèl pòtpawòl pèp la.

Popilis la pa yon ti fenomèm piti zwit.

Se yon danje, yon pwazon vyolan pou demokrasi, paske li pa danse kole ak pliralis politik e li dyabolize opozan li yo. Li anpeche sitwayen yo pran tan pou reflechi sou sitiyasyon yo e li konbat ak tout fòs li dyalòg serye.

Diskou senplis ak pil pwomès tèt anba, vrèman vre, toujou pi fasil pou pase nan mitan pèp k ap viv nan kriz malouk.

Men, sitwayen yo dwe pran tan pou analize, kesyone diskou ak aksyon dirijan poliitik yo si yo vle tout bon vre soti nan twou kote popilis dwategoch yo antere peyi a byen fon.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.