Eleksyon pa konn fèt ak 500 pati politik

0
2992

Vandredi 19 novanm 2021 ((rezonodwes.com))– Kominote entènasyonal la, peyi Etazini ak OEA an tèt, pa bouke pouse otorite Ayiti yo pou yo òganize eleksyon. Yo fè konprann se eleksyon ki demokrasi, nenpòt ki jan eleksyon fèt.

Poutan, jan yo trennen dirijan yo a vin mete peyi a nan yon sitiyasyon malouk kote tout moun ka wè aklè ke eleksyon se pi move bagay nan moman sa.

Si n ap gade klas politik la, nou remake gwosè dezòd ki egziste e k ap fè ravaj ladan l. Sa ta dwe oblije tout gouvènman serye pou lanse yon gwo kokenn chenn chantye pou met lòd nan pati politik yo.

Nan peyi Etazini, kote gen yon popilasyon ki konte plis ke 300 milyon moun, estrikti anplas yo pèmèt modere anbisyon politik sitwayen yo. Se sa ki fè, nan moman eleksyon prezidansyèl, se 2 majò jon sèlman ki rive pete plafon nan tout 52 eta yo, ak petèt 2 a 3 ti boujou ki rive parèt pwent tèt yo.

Sa pa vle di ke pa gen mil a demil moun ki demare, men gen yon antonwa legal ki peze yo rete anba piramid la.

Ann Ayiti, tout voum se do. Depi w jwenn 20 moun, ou ka kreye yon pati politik e ou ka pale bouch louvri tankou tout lidè byen fòme, byen petri. Nan eleksyon, nenpòt zagribay ka poze kandidati yo, achte yon banyè pati politik oubyen di yon endepandan.

Koulye a, se Ayisyen ki konnen si yo ap toujou pran lòd Tonton Sam pou yo louvri pòt san yo pa met lòd anndan kay la.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.