Opozisyon nan peyi Kiba anonse li pral manifeste jouk rive 27 novanm malgre represyon

0
1254

Madi 16 novanm 2021 ((rezonodwes.com))– Depi gwoup opozisyon ki rele Archipiélago a te di li pra l pran lari nan pepyi Kiba pou mande lage prizonye politik yo, otorite yo benyen lari a ak sòlda pou anpeche manifestasyon fèt.

Dapre opozan yo, plis pase yon santèn aktivitis te bloke lakay yo pandan kèk lòt sibi arestasyon, menas ak vyolans anba men rejim kastris la.

Bò kote pa yo, dirijan kiben yo entèdi tout tipil gwopil. Pou ofisyèl yo, manifestan yo se pyon meriken k ap chache pou chavire rejim nan. E yo menase lage santans penal sou do tout disidan ki pa ret nan wòl yo.

Gwoup opozisyon Archipiélago, ki afiche li sou Facebook apre manitestasyon 11 jiyè yo, mande pou popilasyon an mobilize jouk rive 27 novanm k ap vini an, dat anivèsè manifestasyon 300 atis pou libète lapawòl ki te fèt nan lane 2020.

Archipiélago mande pou patisipan yo abiye an blan, pote flè koulè blan, fè videyo mobilizasyon e frape kaswòl chak swa pou pwoteste kont gouvènman an.

Ayè lendi a, plizyè lidè te jwenn arestasyon yo, tankou Manuel Cuesta Morua, vis prezidan Konsèy pou yon Tranzisyon Demokratik, chèf mouvman Medam an blan yo, Berta Soler ak mari li Angel Moya. Yo te vin lage yo apre sa.

Men istoryèn Carolina Barrero, manm Mouvman 27N ak opozan Guillermo Fariñas sanble toujou nan prizon apre lapolis te met men nan kòlèt yo.

Fondatè Archipiélago a, Yunior Garcia, 39 ans, li menm sanble kouri kache pou militè yo pa met men nan pat kasav li.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.