Lavichè monte disèt wotè, ORDEDH rele anmwe!

0
1635

NÒT POU LAPRÈS

Òganizasyon pwomosyon ak defans dwa moun ORDEDH konstate depi kèk mwa ogmantasyon pri pwodwi ki pi ijan yo. Ogmantasyon pri sa yo vin plonje popilasyon an nan yon mizè ki pi grav ke jan li te ye anvan an.

Kriz san parèy sa ki afekte tout sektè nan lavi nasyonal la, kòmanse gen gwo konsekans sou klas mwayèn lan ki ap afebli jou aprè jou,li riske gen gwo konsekans sou seri moun sa yo si pa gen bon jan mezi ki pran bò kote otorite konsène yo pou rezoud pwoblèm sila.

ORDEDH pwofite lanse apèl sa bò kote sendikalis transpò yo, pou yo pran bon jan mezi pou pèmèt pri kous machin yo retounen jan yo te fikse anvan an san pran tan, epi mande Ministè afè sosyal pou veye sou aplikasyon sikilè ki te fikse pri kous tout sikwi yo, paske sa kapab bay gwo tèt chaje nan jou kap vini yo nan mitan pasaje ak pwopriyetè machin.

ORDEDH mande ak tout endistri, machan’n, epi ti komèsan pou yo retounen nan nòmal pri tout pwodwi ki te grenpe piwo pase palmis, pou yo retounen pri yo nan nomal yo, pou peyi a kapab refonksyone jan sa te ye anvan an.

ORDEDH mande ak responsab sekirite ki piwo nan leta a, pou yo mete anplas yon bon politik sekirite pou popilasyon an kapab sikile kote li vle, lè li vle  jan sa abitye fèt.

VIV YON AYITI, KOTE TOUT MOUN KAPAB VIV !

                                                                                      Darbenzky M. GILBERT                                                                                   

   Direktè Egzekitif                                                                                       

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.