Komès gaz anba tab : Komisè Lafontant move, ti komèsan mele, gwo bawon poze!

0
2634

Lendi 8 novanm 2021 ((rezonodwes.com))– Tankou lòt reskonsab Pakè ki te pase yo, Mèt Jacques Lafontant di li lage koukouwouj kont komès gaz anba tab.

Nan yon lèt li voye bay otorite lapolis yo, komisè gouvènman Pòtoprens la mande pou polisye yo mete anba kòd tout moun k ap anpile gaz nan depo san yo pa gen otorizasyon pou sa.

Mèt Lafontant mande tou pou lapolis voye moun sa yo deva li pou li jije yo epi pini yo nan jan lalwa mande sa nan dekrè 20 desanm 1946 la.

Lafontant pwomèt ke tout moun lapolis fouke pou zafè sa, l ap fèmen yo dèyè bawo prizon.

Jan sa toujou fèt, yon lòt fwa ankò, rat ap manje pay,men se zandolik ki pral peye sa. Moun ki konn parye mèt parye, Komisè Lafontant pral sentre bas ti kòmèsan k ap vann gaz nan lari.

Men, pete ti galon, sezi ti dwoum pa p rezoud pwoblèm ke gwo bawon jovnelis ak matelis kreye.

Gang bloke distribisyon gaz. Mèt ponp detounen kamyon yo direk kote pou lòt revandè ravitaye mache nwa. Men, se ti komèsan nan lari ki vizib. Se yo ki fasil pou trape.

Si Lafontant vle rezoud pwoblèm gaz la, se pou li kraze gang nan Pòtoprens, arete gwo bawon ki fè dapiyanp sou gaz depi anlè. Konsa, tout peyi a ap jwenn pwodui a. Tout moun ap rale yon souf.

Men, se sou bannann mi, dan pouri gen fòs!

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.