Refleksyon sou modèl diplomasi peyi Dayiti

0
1903

Kesyon : Poukisa Ariel deside negosye ak Abinader epi mete Claude sou kote ? Eske sa ta vle di desizyon minis afè etranjè a se yon bagay ki pat reflechi e ki angaje li menm pèsonèlman pandan se nan non diplomasi a li pale?

Vandredi 5 novanm 2021 ((rezonodwes.com))–

A-Konpòtman lòt peyi ak Ayiti

Etazini

Ansyen Prezidan Donald Trump deklare Ayiti se yon latrin . Ayisyen fache voye pye men okenn nan otorite konvansyon vyèn sou relasyon diplomatik ak konsilè 1961 ak 1963 rekonèt yo pa reyaji diplomatikman .M vle pale de Prezidan , Minis zafè etranjè… Apre sa yo toujou mache fè foto nan anbasad ameriken an Ayiti ak Anbasadè a.

Kèk ane apre Biden genyen eleksyon, Ayisyen wè paradi a resi louvri pou yo ( Etazini) se kòm si Biden pa prezidan Ameriken men se prezidan Ayisyen l ye, kidonk li pral reyaji yon lòt fason pa rapò ak Trump.

Ebyen kisa ki pase apre ?

Chèf sou chwal bò fwontyè ap fwete Ayisyen ki anvi antre nan peyi Biden nan . Imaj yo lèd, lemond fwase  men otorite nou yo pa ka reyaji , yo pa menm ka atire atansyon ameriken sou dwa migran ak refijye yo ki vyole, pandan USA ap akeyi plizyè milye migran ki soti nan lòt peyi ki gen  kriz.(Sa yo pa janm di otorite nou yo anyen) .

Lafrans ak Kanada

Lafrans deside ogmante frè pou etidyan mande viza e ekzije 8000 E sou kanè pou w pati al etidye nan peyi yo .

Kanada deside chanje trètman dosye vizal yo pou Ayiti e rann pwosesis la pi konplike (Malgre sa otorite nou yo ap vanse nan kraze peyi a, yo pa janm wè si lot nasyon bouke ak nou).

Repiblik Dominikèn  

Dirijan RD pran mezi depi kèk tan pou :

1) ogmante frè viza , malgre sa Ayisyen toujou ap goumen anba solèy pou al dèyè ti kat paradi a.

(Machin ofisyèl yo ap pase devan konsila ak gwo sirèn, men sa pa di anyen)

2) Ranfòse sekirite sou fwontyè .Malgre sa Ayisyen ap kreye twou pou pase anba fil oubyen janbe dlo.

3) ogmante lwaye.Malgre sa Ayisyen toujou janbe pou al fè biznis, etidye ,travay…

4) Dènye mezi pou pa renouvle viza otomatik ni louvri lopital ak anseri moun si se pa ijans. Malgre sa otorite pa pran konsyans pou repanse politik entèn peyi a men yap tweet.

Ann vanse.

B- Sitiyasyon Ayiti

1) Plizyè diplomat lòt peyi ki akredite an Ayiti pa gen rezidans yo an Ayiti men an Repiblik Dominikèn koz sitiyasyon peyi a.( sa pa di chèf isi anyen).

2) Plizyè ONG ak òganizasyon Entenasyonal deplase kad yo mete yo an Repiblik Dominikèn pandan se pou Ayiti yap travay ( malgre sa nap vanse)

3) +60 % entèlektyèl peyi a ap kite Ayiti pou ale lot peyi , mete sou Mendèv nou an ki al devlope sektè konstruiksyon , touris ak agrikilti An Repiblik Dominikèn.( Malgre sa otorite nou yo ap vanse )

4) Boujwa malad , atis malad  menm otorite malad yo janbe Repiblik Dominikèn yo al pran swen  paske n pa gen lopital( malgre sa nap vanse ).

5) Liy avyon pa fè sèvis ankò an Ayiti lè yo vin bwote Ayisyen  men yo al fè sèvis an Repiblik Dominikèn ( malgre sa otorite nou yo ap vanse )

6) Polisye an Ayiti ap mouri grangou madanm yo ap kite yo , pa gen ekipman pandan nan tan sa Repiblik Dominikèn ap fè pati konsèy sekirite Nasyon Zini pami 15 peyi nan mond lan( Malgre sa sa pa di otorite nou yo anyen, nap vanse).

7) Nap mande èd imanitè moun pa k manje , lopital pa k fonksyone pou Gaz ,mizè  a vin pi rèd pandan Repiblik Dominikèn  ap devlope kowoperasyon ekonomik : an 2018 kwasans  Repiblik Dominikèn  pase a + 7% nan rejyon an .( Malgre sa sa pa di ototite nou yo anyen, nap vanse).

C-Diplomasi

Kisa l ye?

Se rechèch rezilta menm sil pa ideyal pou tou 2 pati yo men l pi bon pou yo 2 a  pa rapò ak lòt altènativ yo. Menm si ta gen konfyans ou byen pa genyenl ant pati yo, dwe gen yon enterè komen: evite domaj mityèl yo.

Echèl nan diplomasi : chèf leta ou gouvènman, Minis zafè etranjè,  Anbasadè…

Lè gen yon sitiyasyon ki poze premye moun  ki enfòme e reyaji ,se Anbasadè a. Kesyon map poze:

Kote Anbasadè Ayiti an Repiblik Dominikèn nan nan Istwa sila?

Eske sa ta vle di se yon erè minis zafè etranjè a komèt nan jwe nan telefòn li? Dayè li deklare li pat panse Abinader tap wè bagay la konsa.

Kominikasyon politik minis lan : nan kominikasyon politik gen yon prensip fondamantal : kontwole saw dwe di ak saw pa dwe di koz deklarasyon w angaje peyi a .

Yon deklarasyon diplomatik k deklantche yon gè konsa tou li k mete lapè.

Kesyon : Poukisa Ariel deside negosye ak Abinader epi mete Claude sou kote ?

Eske sa ta vle di desizyon minis afè etranjè a se yon bagay ki pat reflechi e ki angaje li menm pèsonèlman pandan se nan non diplomasi a li pale?

Poukisa okenn lòt otorite diplomatik pa pale nan kesyon sa epi kò diplomatik la pa an branl apre reyaksyon Abinader la?

Eske sa ta vle di pat gen okenn kòwodinasyon ki te fèt sou dosye  sa ant aktè konsène yo?

Poukisa Minis zafè etranjè nou an pa gen yon pòt pawòl , lèn konnen enpòtans kominikasyon genyen nan diplomasi ?

Poukisa Abinader kote pal gentan chita ak ekip li epi reprezantan sosyete sivil peyi l pou reflechi sou repons diplomatik pou bay Ayiti a epi Dirijan Ayisyen yo menm toujou rete sou tweeter ?

Reprezantasyon Ayiti yo:

1-OEA : Abinader ap vann yon imaj de Ayiti ak Anpil rejè .

Kiyès   ki reprezantan Ayiti nan oganizasyon sa?

LEON CHARLES ki fèt sot DG PNH la , sou li yo touye prezidan lakay li , bandi ap mache kidnappe timoun nan lekòl  epi ki fin mete enstitisyon sa plat atè. Kòm rekonpans yo voyel nan retrèt sou non pèp Ayisyen an.

2-Anbasad nou yo:  Yon ekip konsil ak Anbasadè kap desann Figi yo devan etranje  sitou dominiken pou jwenn papye pou jenn gason ak fanm ki kite Ayiti vin chèche lavi .

Apa de Ayiti , ki diplomasi ki gen sa pou prensipal fonksyon ankò?

Antouka m pa kwè genyen .

 Ti zanmi minis , boujwa ,ansyen palmantè…  Ki pa gen okenn konpetans, yo voye nan retrèt  lotbò dlo  avan lè ki gen sèlman pou misyon: fè tet yo bèl epi gade seri nan anbasad la koz wifi gratis

Rèv Dominiken

Yon okipasyon etranjè an  Ayiti sou yon fòm oubyen yon lòt.

Minis zafè etranjè Ayiti a ekri ONU ak OEA plizyè fwa pou mande èd yo pou  vin sekirize peyi a .Nenpòt lè ONU ka pran yon rezolisyon pou mete yon misyon sou pye pou al sekirize peyi a e Repiblik Dominikèn ka fè pati de li   menm jan ak lot nasyon .

Nap sonje  jan sa t fet lè fòs milti nasyonal la te anvayi Ayiti apre koudeta Aristide la.

Se pa San rezon ki fè Repiblik Dominikèn ap fè lobby nan Entènasyonal la pou aji sou sitiyasyon Ayiti a.Yo anvi remèt Ayiti kou okipasyon an pandan pandan otorite isit rann  peyi a  engouvènab  nan konfyolo ak Gang. Jodi a , Ayiti deja  depann de Repiblik Dominken nan plizyè  domèn  jiskaske menm vant nou yo rive kontwole .

Nòt: diplomasi yon peyi pa k redui ak tweeter .nenpòt timoun ka ap jwe nan telefòn li epi fè yon tweet pou chèche vizibilite.

Yon orite gen pou misyon : aji nan pran bonjan mezi pou mete leta kanpe. Leta nou gen la nan dòmi li pa k gade lòt nasyon nan je. Diplomasi se rapò fòs.

Mesaj

Ann konstrui yon peyi pou jenès la pa bezwen al pèdi lavi nan forè

Pou jenès la pa sèvi manje pou reken

Pou jenès la pa al pran imilyasyon lotbò dlo.

Mathias L. DEVERT

Politologue,  spécialiste des Relations Internationales,

E. M  à l’Institut d’Études Politiques de Grenoble- France (Sciences Po Grenoble)

Contact: mathias.devert@etu-iepg.fr

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.