Lang kreyòl tout kote, san fòs kote!

1
1464

Mesaj Minis Kilti ak Kominikasyon an nan okazyon Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl

Nou ran n nou kont ane sa a kloti mwa selebrasyon lang ak kilti kreyòl la ap fèt nan yon kontèks difisil.

Mwa lang ak kilti kreyòl la gen yon aspè senbolik. Li fè nou sonje obligasyon chak grenn moun genyen pou angaje yo nan batay pou bay kilti nou tout valè li merite. Batay sa a, fòk nou mennen l chak jou, tout kote, tout tan, menm jan ak tèm selebrasyon an « Lang kreyòl, tout kote san fòs kote ».

Gen yon verite tout moun konnen, anpil lòt peyi konnen sa tou. Men nou refize chita sou verite sa a pou nou devlope peyi a, nan domèn sosyal ak ekonomik.

Pou jan nou make listwa mond la;
Pou jan etranje ap debake lakay nou, nan peristil yo pou vin chèche sekrè mistik nou;
Pou jan medsin tradisyonèl la rann nou gwo sèvis devan gwo epidemi mondyal yo;
Pou jan ekriven nou yo toujou fè onè nou nan peyi etranje;
Pou jan atis nou yo (dansè, chantè…) briye lotbò dlo;
Pou jan yo renmen folklò ak varyete mizik nou gen nan peyi a;
Pou jan etranje yo renmen penti ayisyen an;
Pou jan sineyas nou yo jwenn gwo distenksyon nan lemonn, n ap pwofite site Gessica Géneus, Raoul Peck, …elatriye;
Pou jan nan Karayib la yo renmen atizana nou an,
Pou jan nou gen bèl richès akeyolojik, gwòt, kaskad, plaj…
Pou jan nou gen anpil kreyatè nan domèn mòd ak kouti;
Pou jan lontan kanaval nou an te konn atire touris;
Pou jan fèt chanpèt ak peryòd rara konn mobilize kreyatè ak kreyasyon;
Pou jan entèlektyèl nou yo briye nan tout gwo inivèsite lòtbò dlo;

Finalman, pi gwo richès peyi sa a se Kilti nou, se lang nou pale, se lang nou tout konprann. E se nan lang sa a, lang kreyòl la, youn pase bay lòt tout valè richès lakilti nou.

E poutan, yo aprann nou repete : peyi a pòv!
Peyi a pa okenn pòv.
Anpil nan nou pòv mantalman nan chèche bay valè ak tout sa ki sòti lòtbò dlo.
Nou dwe aprann epi fè lòt moun aprann tou k: Ayiti rich nan tout kòl.
Sèlman nou rete pou nou kwè nan tèt nou, kwè nan richès nou, kwè nan kapasite nou, kwè nan lang nou pale epi kwè nan idantite nou kòm pèp ki make listwa, kòm pèp ki te kwè nan linite, solidarite, ospitalite. Pèp ki kwè nan travay youn ak lòt, youn pou lòt, sa nou rele konbit la.

Pou nou rive chanje sitiyasyon nou,
pou nou rive chanje pwòp tèt nou,
nou gen lobligasyon batay ansanm, pou nou sòti peyi a ansanm nan sal ye la a, nan PALE !

Mèsi tout moun!

Jean Emmanuel Jacquet
Minis

1 COMMENT

  1. minis la, wou bezwen pwan men a wou; konpwann nou Ayisyen pa gen okenn bagay ki rele lang ake kilti kreyòl. Nou genyen Lang ake kilti Ayisyen. Kreyòl se bagay ki leve nan bouda bannann ake kann. Se pou desann valèr a Ayisyen ki fè zòt pe trete nou kreyòl. Kouman an Italie, yo pale italien, Fwanse a pale fwanse, lespay elatriye pale panyòl; pou nou zòt Ayisyen; fòk nou oblije kreyòl ? Jacques J Garçon Kenbe la!

Répondre à Jacques J Garcon Cancel reply

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.