Mache Kontre mande pou Ariel Henry aplike akò li a rapid vit

0
1935

NOT POU LA PRES MACHE KONTRE POUN SOVE AYITI

Pòtoprens, 5 oktòb 2021 ((rezonodwes.com))–

MACHE KONTRE POUN SOVE AYITI, ki genyen ladan l : FIZYON SOSYAL DEMOKRAT AYISYEN YO, INIFOS, INITE, MOCHRENAH, VERITE ak VEYE YO, konstate ak anpil preyokipasyon peyi Dayiti ap benyen nan yon kriz politik san parèy nan tout istwa li.

Moman sa a ekstrèmeman danjere pou popilasyon an, nan tout nivo l. Pandan yon ensekirite ap vale teren nan tout zòn metropolitèn nan, tranbleman tè demantle 3 depatman peyi a : Nip, Sid, ak Grandans.

Yon latriye moun mouri, yon kantite kay kraze, wout ak pon domaje. Kòm si se pat ase pou pèp la, tou swit apwe yon siklòn frape nan mem depatman sa yo ankò, ki vin angrave mizè popilasyon an. Pandan nap chache solisyon pou kriz politik ki ap boulvèse bil peyi a se moman sa a peyi vwazen nou yo deside pimpe tounen 12 mil konpatriyòt ki tap tante rantre sou teritwa meriken pou ale chache yon lavi miyò.

Anpil jefò fèt pandan twa dènye ane sak sot pase yo pou nou wè si n te ka jwenn bout kriz politik ki tabli nan peyi a depi tan bembo. Nou mete tèt ansam, nou siyen plizyè akò antre nou nan opozisyon an, men sa pa bay rezilta.

Nan dat 11 septanm ane sa, plizyè pati politik enpòtan, ansanm ak plizyè òganizasyon sosyete sivil, rive siyen yon akò politik ak Premye Minis Ariel Henry pou n wè si tout bon vre elit politik la, elit sosyal la, elit ekonomik la, ka rive mete tout fòs yo ansanm pou sòti Ayiti nan trou dirijan kowonpi, enkonpetan, malonèt lage l jounen jodi a.. 

MACHE KONTRE di akò 11 septanm nan tradwi a klè yon volonte pou nou rive mete peyi Dayiti nan chemen devlopman ekonomik, ak sosyal pou pèp Ayisyen rive konnen byennèt. Se objektif akò 11 septanm nan. Pou sa ka fèt li ekzije you gouvènman ki genyen reprezantan sektè sosyete sivil, sektè ekonomik ak sektè politik. Konsa yo chak pwal pote ròch pa yo pou n poze baz yon nouvo peyi nan enterè tout moun.

MACHE KONTRE kwè se moman pou tout moun ki renmen peyi sa vin mache kontre nan gwo chantye sa a ki genyen ladan l :

  • Mete sou pye yon gouvènman konsansis ;
  • Tabli KEP solid ak moun ki genyen anpil konpetans, anpil moralite, anpil volonte pou kwape eleksyon koken. Moun sa yo ap soti nan òganizasyon sosyete sivil yo ;
  • Monte yon otorite ki pou kontrole travay gouvènman an. Se ankò sosyete sivil la kap bay moun sa yo ;
  • Fè yon asanble ki pou gade kesyon konstitisyon (sosyete sivil ak òganizasyon politik).

Ak yon demach konsa nap rive konstwi baz yon nouvo peyi ki kapab satisfè bezwen tout moun epi soti peyi a nan enstabilite politik li ladanl depi twò lontan. Se pou sa MACHE KONTRE POU SOVE AYITI kwè fòk nou evite rantre nan yon lagè akò (akò pam pi bon) sinon nap rate yon opòtinite istorik ki ap koute chè a pèp Ayisyen an.

MACHE KONTRE kwè se rezilta yon gouvènans modèn, eklere, entèlijan epi serye ki pwal pote satisfaksyon bay tout moun sans distenksyon epi replase Ayiti sou sèn entènasyonal pou atire envèstisman. 

MACHE KONTRE mande PM Ariel poul aji vit nan mete an aplikasyon akò a, twòp tan deja pase pou rapousiv enplemantasyion li. Nou kwè objektif ki vize nan dokiman sa a klè kou dlo kòk, li ranmase tout revandikasyon popilè yo tankou konferans nasyonal la, liberasyon prizonye politik yo, pwosè sou asasinay Presidan Jovenel Moise la, pwòse petrokaribe, pwosè masak yo, mezi pou kwape bandi epi kreye yon klima lapè, sekirite nan peyi a elatrye.

Men nou rete kwè koze dyalog pèmanan an, jan akò a dil la, peyi a bezwenl, san nou pap gade dèyè, Nap ankouraje PM Henry poul toujou kontinye ak chita pale yo, brase lide, dekwa pou l jwenn plis konsansis, rasanble plis moun toujou, plis fòs, pou n sòti peyi a nan kalamite ke fòs fè nwa yo metel la, paske plis nou plis, plis n ap pi fò.

An menm tan, nou konprann tou: peyi a andanje de mò. Gen nesesite pou n pran mezi, ki ka kenbe l anvi, annatandan n ap chache remèd pou ba l tretman l bezwen.

Annou mete tèt ansanm pou n pa pèdi moman istorik sa a.

Viv la Vi,                    Aba Ensekitire                                   Viv Ayiti

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.