Gran Sid p ap grandi pou sa

0
1642

Vandredi 20 out 2021 ((rezonodwes.com))–

Nou fè vi nou ap fè laviwonndede ak lonbraj nou nan pòch

Pou anyen

Pete gwo kout ri nan revèy

Tankou Pòtoprens fin di dènye mo pa li deja

Ebaw!

Atè m ta woule pou nou

Nou fè vi nou ap fè tchyas lanmè tribòbabò

Fouye gwo twou nan sa demen sere pou timoun

Epi de men nou s on kiyè bwa ki sere tout plent nan fon kè l

Mezanmi

Nan operasyon don sou don an

Toujou sonje

12 janvye 2010 pa te janm wè Clinton ak tout Madanm li nan rèv la ak letènite nan plamen l

Se pou sa

Nou rekonstwi peyi a fètefouni

Ti kle monte

Ti kle desann

Diven se dlo

Milya se larim

Lannuit bay bravo pou tout zetwal ki pran peyi a pou vaz pise

Nou di ochan pou tout lalin ki pran n daso tou

Nou bat bravo pou tout gwo wòch ki pote siyati manman yo nan fè zewo tounen nèf

Mezanmi

9 milya s on kaka aran wi ki pèdi fren sou lang nou wi

Sonje pa gen sèman nan sezon malèpandye

Si Clinton alèz bò falèz nou konsa

Konnen Bondje prete kle silans nou

M p ap prete okenn fraz tranblemanntè tranzite

Poudayè chen konnen ki ri jòn solèy bay lè latè ap gouye anba pye nou

Nou fè tankou nou bliye depi lè lari fin antre nan foli nou Tout pwomès se lafimen

Antouka

Larivyè k ap pote CIRH la s on rigòl pise ki pran nesans nan sèvo prezidan

Ki sa pou Gran Sid ta ka tann ankò

Si n fè kopi kole bèl mèvèy ONG dekapotab yo

Si n founi je gade mirak CIRH fè nan yon vil pye atè janm louvri

Si fè temwanyaj tout sakrifis Minis ak ChèfLeta

Tanpri souple apre

Pa masakre powèm ki fè n wè Boulva Kat Chimen p ap souse yon mant nan lavantozanchè vil Okay

Nan absidite planifikatè malè nou Gran Sid p ap fè eyap menm

Epitou

Depi kilè solèy ak loksidan te konn gen konpasyon mezanmi

Boutofen

Zafè tout powèt ki pa gen tan wè si vil Okay ak tokay li yo pran nan zizirit.

Iléus PAPILLON

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.