Mouvman Pou liberasyon Ayiti (MOLHA) mande yon trèv apre tranblemanntè 14 out la

0
3218

Mouvman Pou liberasyon Ayiti (MOLHA) prezante  senpati l ak Pèp ayisyen an espesyalman popilasyon kap viv nan depatman Sid, Grandans, ak Nip ki viktim anba tranbleman tè ki frape peyi a samdi 14 dawout 2021 an. 

MOLHA raple li  de dega gwo tranbleman tè ki te pase sou Ayiti nan dat 12 janvye 2010 la. Denye katastwof sa a montre Yon lòt fwa Kòman Ayiti frajil anpil sou fason nap konstwi e fèblès otorite yo nan anpeche sa fèt. 

Nan sans sa a MOLHA  mande otorite an plas yo pran tout dispozisyon pou pote asistans bay fanmi tout moun ki viktim pandan pasaj gwo katastwòf natirel sa a. 

Sityasyon popilasyon an ki te deja pat bon akoz Klima ensekirite, la vi chè, kriz sanitè, vin pi konplike nan moman sa a. 

Mouvman pou liberasyon Ayiti a ap pwofite mande gwoup nèg ak fanm ki gen zam nan men yo nan lokalite MATISAN pou obsève yon Trèv pou pèmèt otorite yo ak tout lòt moun ki kwè li nesesè rive pote èd bay viktim yo. 

Doktè Evallière BEAUPLAN
Kòdonatè nasyonal

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.