Goudougoudou : Abel Descollines ansanm ak direktwa Visyonè Plato Santral ekzije pou leta pran reskonsabilite l

0
3863

NÒT POU LAPRES : BIWO ANSYEN DEPITE ABEL DESCOLLINES ANSANM AK DIREKTWA MOUVMAN VISYONÈ PLATO SANTRAL 

Madi 17 out 2021 ((rezonodwes.com))– Abel Descollines Ansanm ak direktwa Visyonè Plato Santral tande tout temwayaj senpati ki sòti toupatou nan le mond  apre gwo trembleman tè ki frape plisyè depatman nan gran sid peyia.

Abel Descollines Ansanm ak direktwa Visyonè plato santral ankouraje tout peyi sou latè tankou tout sektè andedan peyia pou pote Solidarite avèk popilasyon Gran sid la.

Se avèk anpil tristès Abel Descollines ansanm ak direktwa Visyonè plato santral  konstate plis passé 10 lane apre trembleman tè 2010 la Ayiti viktim yon lòt trembleman tè ki kòz anpil dega akòz move kondisyon infrastrikti yo nan peyia.

Jewològ ak sismològ toujou di nou pa kapab anpeche trembleman tè. Sepandan yo toujou di gen dispozisyon ki kapab pran pou anpeche trembleman tè fè anpil dega.

Malerezman Abel Descollines ansanm ak Visyonè plato santral konstate 10 lane apre trembleman tè ki te frape peyia an 2010 yon dezyèm trembleman tè jwenn peyi dayiti nan menm sitiyasyon li te ye nan lane 2010 kote plis pase 300 mil moun te pèdi lavi sitou akoz move kalite konstriksyon yo.

Se pou tèt sa Abel Descollines ansanm ak direktwa Visyonè plato santral ap pwofite moman sila pou ekzòte tout ayisyen, tout institisyon leta tankou piblik pou angaje peyi dayiti nan lòt fòm konstriksyon yon fason pou evite si ta gen lòt trembleman tè pou pagen tout kantite viktim sa yo.

Konsa tou Abel Dewcollines ansanm ak direktwa Visyonè plato santral swete leta ayisyen pran reskonsabilite l pou veye san paspouki nan ki kondisyon konstriksyon ap fèt nan peyia.

Nan sans sa tou Abel Descollines ansanm ak direktwa Visyonè plato santral ekzije pou leta pran reskonsabilite l pou kapab kontinye pwoteje tout kote nan peyia etid jewològ ak sismològ fè konnen ki pa twò menase anba trembleman tè.

Se pou rezon sa Abel Descollines ansanm ak direktwa Visyonè plato santral ap mande leta pou voye je gade katastwòf anviwonemantal kap fèt nan explwatasyon mine sab nan mòn kabrit.

Jewològ ak sismològ yo fè konnen katastwòf anviwonemantal nan explwatasyon min sab mòn kabrit kapab prezante gwo danje pou popilasyon nan depatman sant si explwatasyon an kontinye jan lap fèt la depi kèk ane.

Pou otantifikasyon  nòt sila a 
Abel Descollines

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.