Nòt kondanasyon zak sasinay sou prezidan Jovenel Moïse

0
3051

Nou menm, òganizasyon fanm, nan tout dis depatman peyi a, nou kondane a tout fòs nou zak sasinay kifèt sou prezidan repiblik lan, lakay li nan Pèlerin 5, dat ki te 6 pou rive 7 jiyè 2021. Nou voye senpati nou bay fanmi, espesyalman, Madam Martine Moise, ak timoun yo, zanmi  prezidan Jovenel Moise ak tout pèp ayisyen an

Se yon kou san parèy, ki se yon wont pou pèp ayisyen an, nan moman kote tout peyi nan mond lan ap pale de progrè ki fèt nan kesyon demokrasi. Zak sila diminye nou kom pèp ki gen 217 lane depi nou pran endepandans nou, kote tou demokrasi te sipoze ap boujonnen nan peyi’n. sasinay sa kraze tout jefò kite komanse fèt pou avansman demokrasi an lakay nou.

Nan sans sa nou kapab di se espwa tout yon nasyon ki tonbe nan dlo, patikilyèman, rèv ak enterè fanm yo pou entegre espas kote gro desizyon ap pran. Paske nan aksyon ansyen prezidan Jovenel Moise, li te montre aklè ke espas pouvwa dwe ouvè pou tout fanm, kote li te rezève 35 sièj pou fanm yo nan palman, ak 50% kota nan nouvèl konstitisyon an. Egzanp lan klè nan fomasyon KEP sa, pou premye fwa nan istwa peyi nou, ki gen 5 fanm sou 9 konseye. 

Jodi a nou tonbe nan latwoublay paske peyi an lage kòm yon bato ki sou lanmè san gouvènay, pèson pa konn kilès kap vin bal direksyon pou fèl ateri nan bon pò. 

Oganizasyon Fanm ki siyen nòt sa mande :

Pou ankèt lan abouti a bonjan rezilta e pou’n ta rive mete anba kod tout moun ki enplike de prè ou de lwen nan zak krabinay sa ki fèt sou ansyen presidan ayisyen an.

Fok moun ki gen otorite pou mennen ankèt sa aplike  la lwa  kont koupab yo pou trase yon leson pou sa pa repete sou  tè Dayiti anko

yon nouvo gouvènman enklisif ki pwal remete peyi an sou ray demokrasi an

yon gouvènman enklisif kap pran enterè medam yo an konsiderasyon e ki pwal pèmèt lespwa reboujonnen pou tout pèp ayisyen an

Men lis  oganizasyon ki siyen nòt sila:

Mouvman Fanm Miragwan « MOFAM »,  Madame Marie Carme Sineas, Coordonnatrice Générale  /  NIPPES

Mouvement des Femmes pour le Développement de la Grand ‘Anse « MOFEDGA », Madame Marie Roselore Aubourg, Coordonnatrice Générale / Grand’Anse

Rasableman Madan Sara Grandans, Madame Viergelie Ursaint, Représentante,/ Grand’Anse

Asosasyon Fanm an Aksyon pou Devlopman ak Defans Dwa Timoun, Madame Délivrance St-Thomas, Coordonnatrice Générale, Grand’Anse

Mouvement des Femmes en Action pour le Développement de Fond-Verette / Fond-Parisien, MOFFADEV, Madame Betty Vivianne Jacques, Coordonnatrice Générale, Ouest

Mouvman Fanm Vanyan Fort National, Madame Magalie Antoine, Coordonnatrice Générale, MOFVF, Ouest

Rasambleman Fanm pou Devlopman Lagonave, RAFADEG, Coordonnatrice Générale, Madame Marie Ganette Galiotte, Ouest

Union des Femmes de Lascahobas, UFL, Centre, Coordonnatrice Yoldie Pierre

Kowodinasyon Oganizasyon Fanm Nodès, KOFANE, Coordonnatrice Générale, Madame Josenie Jean, Nord-Est, 

Réseau des Femmes Actives du Nord-Ouest (REFANO), Madame Ann Raïna Cynthia, Coordonnatrice Générale, Nord-Ouest

Collectif des Femmes pour l’Education, la Santé et la Justice dans le Nord, COFESJ Nord, Madame Johanne Bazile, Coordonnatrice Générale

Femmes en Action / FAC /Sud, Madame Fabienne Macillon, Secrètaire Générale, Sud

Kowodinasyon Oganizasyon Fanm Sid, KOFASID, Madame Maguy Jocelyn, Coordonnatrice Générale, Sud

Association des Femmes Solidaires de Dame-Marie, Madame Germine Louis Jeune, Coordonnatrice Générale, Grand ’Anse

Collectif Femmes Haïtienne pour le Progrès Social COFEHAPS, Madame Tania Jean Pierre, Coordonnatrice Générale,

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.