Pozisyon Oganizasyon Politik, Sosyete Sivil ak Pèsonalite nan Diaspora a sou « dappiyanp sou pouvwa a PHTK ak alye li yo vle fè »

0
6209

« Nou di koudeta sa a pap pase, masuife sa a dwe kaba pou pèp Ayisyen an ».

Nòt pou la Près

New York, samedi 24 juillet 2021 ((rezonodwes.com))–

Nou menm nan Dyaspora a ki siyen deklarasyon sa a, nou konstate kriz politik kap brase bil peyi a vini pi malouk aprè zak sasinay sou ansyen Prezidan defakto Jovenel Moise lakay li 7 Jiyè pase a. Nou kondane ak tout fòs nou zak malonèt sa a ki montre nou kijan rejim kriminèl  PHTK a fin kangrennen peyi a nèt. Menm ansyen Prezidan an pa chape anba gangrennaj sa a. Jovenel Moise ki pandan 5 dènye lane pase yo te eseye kenbe peyi a nan yon eta deksepsyon, vyolans jeneral ak kidnaping, anlèvman, pèsekisyon opozan politik trouve l jodi a viktim menm vyolans sa a. Men diferans la fwa sa a se pa pèp la ki viktim lan men se li menm menm kriminèl PHTK yo manje.

Nou menm nan diaspora a ki siyen nöt sa a nap denonse gouvènman PHTK a ak tout alye li yo ki ap bay manti sou lanmò sa a nan kase fèy kouvri sa yon fason pou lave epi blanchi Kadav Jovenel Moise. Nap denonse tout tantativ koudeta dappiyanp sou pouvwa a PHTK ak alye li yo vle fè sou pouvwa a.

Nou di koudeta sa a pap pase, masuife sa a dwe kaba pou pèp Ayisyen an. Pou sa Nou menm nan Diaspora a nap mande yon gwo rasanbleman tout fòs progresis, demokratik e popilè nan peyi a pou yon Gouvènman Tranzisyon koupe fache. Yon Tranzisyon ki finalman ap pèmèt revandikasyon jistis, respè dwa moun, la manjay, diyite ak indepandans peyi a tounen reyalite.

Nou men nan diaspora a nap denonse Reprezantan Nasyon Zini an Madan Lalime ki sèmante pou l kraze peyi a nan manniganse pou kenbe rejim PHTK a sou pouvwa a. Diaspora Ayisyen an ap rele anmwe: Madan Lalime ak Core Group la bay peyi Dayiti yon chans! Bay Pèp Ayisyen an chans pou chache solisyon Ayisyen pou problèm Ayiti.

Pandan nap mande Pèp Ayisyen an andedan tankou deyò peyi a pou rete vijilan kont tout animal politik tout plim tout plimay kap vole, politisyen san koutcha, nap rete mobilize pou pa gen oken gouvènman degize PHTK #3 ki monte nan tèt peyi a. Anfin pandan nou regrèt kòd lajistis pa gentan pase nan kou Jovenel Moise pou tout vòl, masak ak krim li fè yo, Diaspora ap mande Lajistis fè dilijans pou mete la pat sou tout kriminèl ki inplike nan zak sa a.

Moun ki siyen Deklarasyon sa a

New York                                                                    

Roland Sainristil (Tel: 917-815-2228)

Deputé James Desrosin

Fred Joseph (Tel: 718-576-8861)                            

Edens Deba (Tout Haiti Tel: 347-546-1468)

Rev. Guy Dorvil

Jacqueline François

Midlyne François

Senet Achille

Felix Bien-Aimé

Yves Pierre

Leon Ronald

Ledinois Leconte

Lionel labardy

Pennsylvania

Fabienne Réné  ( DIRPOD Tel: 407-541-7912)

Serge Blaise

André Lozier

Joèl Léon

Florida

Farah Juste (Fanmi Lavalas)

Maxi François (SOHD Tel: 516-967-1559)

Jean Robert Pierre Louis

Théobale Pierre-Paul (Tel: 786-290-7187)

Senateur Harry

Guerda L.Charles

Abel Moise

Thony Jean Thénor   (Organization Veye Yo)

Theodore Lucien

Jackson Auguste

Jean Rica Charles

Lydie Fatal

New Jersey

Rev. Claudy Jean Jacques

Heraldo Erasme

Massachusetts

Deputé Géraut Charles

Tina Lorquet (Vwa Ayiti)

Georgia

Dr Dimy Fluyau

Roody Metellus

Connecticut

Dr Billy Berthier (Fanmi Lavalas)

Felix Bien-Aimé

Canada

Beliot Fleuristin

Jean Livette Praslin (SOHD)

Dr Bruno Derson

France

Paul Chétel (SOHD)

Fenor Rigodon

Serge Obed Alexis

Wilson Chery

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.