Apa yo bliye Mécène? Sa y ap fè avè l?

0
4701

Lendi 12 jiyè 2021 ((rezonodwes.com))– Finalman, jij Mécène sanble te kriye pou ryen. Paske nan jan bagay yo ap pase la, prezidan pwovizwa yon pati nan opozisyon an te chwazi 7 fevriye 2021 an pa nan batay.

Rapid rapid apre lanmò prezidan Jovenel Moïse, kat yo gentan rebat. Anpil pati opozisyon rejwenn pati Tet Kale ak alye li yo pou yo siyen yon antant pou mete senatè Joseph Lambert prezidan pwovizwa.

Dapre lidè pati sa yo, aksyon sa se pou bay Premye minis enterimè a yon kle kou pou anpeche li fè dapyanp sou pouvwa a, jan li vle fè a.

E, pami yo, ou jwenn kèk pati ki t ap mache dèyè Mèt Mecène Jean-Louis.

Kèk lòt rasanbleman ki te nan tèt kole ak Mécène pa pale di tou de prezidan pwovizwa tranzisyon ki pa janm rive enstale a. Se blakawout nèt ale…

Koulye a, pwopozisyon gwoup sa yo se yon konsansis lajman laj pou jwenn yon solisyon ke tout fòs viv nasyon an ka aksepte.

Finalman, Me Joseph Mécène Jean-Louis pran nan gonm.

Yo voye Mèt Mécène jete!

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.