AKONTRAPÈPLA, raple tout moun, sa ki pat posib ak Jovenèl paka posib ak asasen li yo.
Lendi 12 jiyè 2021 ((rezonodwes.com))– KONTRAPÈPLA aprann ak anpil endiyasyon nan lannwit 6 rive 7 Jiyè nouvèl sasinay ansyen Prezidan Jovenèl Moyiz. Alapapòt KONTRAPÈPLA voye tout senpati l pou fanmi, zanmi ak alye politik defen an e li tou pwofite mande yon ankèt endepandan, serye, san patipri pou demaske epi arete tout sila yo ki gen men yo ak konsyans yo tranpe nan krim deta sila a.
KONTRAPÈPLA kondane ak tout fòs li koudeta kriminèl ki pote lavi ansyen Prezidan an ale. Vyolans rele vyolans. Krim mennen krim. Lavi tout moun konte.
Abitid dirije sou San pèp la, politik layèn ak entolerans la gen yon sèl rezilta, kontinye divize sosyete a, febli nasyon an pou pèmèt tout kalte briganday fèt ladan.
KONTRAPÈPLA, raple tout moun, sa ki pat posib ak Jovenèl paka posib ak asasen li yo. Etandone kèlkeswa jan ou konsidere l ekip ki sou pouvwa se premye responsab trajedi a, yo pa gen okenn kalite pou rete nan tèt peyi a. Yon minimòm desans ta mande pou yo wete kò yo bay yon Gouvènman Sali Piblik pou sove sa ki kapab sove ankò nan sitiyasyon sa a.
Se pou sa KONTRAPÈPLA ap mande prese prese pou yon ekip sitwayen ak sitwayèn patriyòt ki pa gen okenn dout pandye sou yo nan sa ki rive la a, ni dirèkteman ni endirèkteman akòSz enkonpetans yo, pran gouvènay peyi a.
Pa gen okenn fòs okipasyon kap vin fè sa li pat rive fè pandan tout ane sa yo. Se ayisyen ak ayisyèn ki pou fè yon revèy patriyotik pou lave dènye salte sa a ki vin avili diyite nasyon Desalin nan. Se moman pou nou leve tèt nou pou nou fikse yon lòt orizon.
ABA ASASEN KRIMINÈL
ABA MACHANN PEYI
ABA KOUDETA
VIV YON PÈP LIB NAN YON PEYI GRANMOUN
Pou KONTRAPEPLA
Jean William Jeanty